3
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a 
 1 O SENYÈ, gade kijan ✡ II Sam 15:12lènmi mwen 
yo ap miltipliye; 
Anpil moun leve kont mwen. 
 2 Anpil moun pale de nanm mwen, 
“Nanpwen ✡ Sòm 22:7-8delivrans pou li nan Bondye.” 
Tan
  3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, 
glwa mwen, ak Sila ki ✡ Sòm 27:5fè tèt mwen leve a. 
 4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; 
Li te ✡ Sòm 4:3reponn mwen soti nan mòn sen Li an 
Tan
  5 Mwen ✡ Lev 26:6te kouche e dòmi; 
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs. 
 6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun 
ki ta ✡ Sòm 118:10-13pran pozisyon kont mwen de tout kote. 
 7 Leve, O SENYÈ! 
Sove mwen, O Bondye mwen! 
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. 
Ou te ✡ Sòm 57:4kraze dan a mechan yo. 
 8  ✡ Sòm 28:8Delivrans se nan SENYÈ a. 
Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.