4
Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David 
 1 Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; 
Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. 
✡ Sòm 25:16Fè m gras e tande lapriyè mwen. 
 2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? 
Jiskilè ou va renmen sa ki san valè 
e ✡ Sòm 31:18tante twonpe moun? 
Tan
  3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. 
SENYÈ a ✡ Sòm 6:8-9tande lè m fè apèl Li. 
 4 Tranble, men ✡ Ef 4:26pa fè peche. 
✡ Sòm 77:6Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. 
Tan
  5 Ofri sakrifis ladwati yo. 
✡ Sòm 37:3-5Mete konfyans nan SENYÈ a. 
 6 Anpil ap di: ✡ Job 7:7“Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” 
SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou! 
 7 Ou te mete ✡ És 9:3lajwa nan kè m plis pase 
lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt. 
 8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi, 
paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.