32
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon 
 1  ✡ Sòm 85:2A la beni se sila ki padone pou transgresyon li, 
pou peche li ki kouvri a! 
 2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la, 
e nan lespri a sila ✡ Jn 1:47 ki pa gen manti a. 
 3 Lè m te ✡ Sòm 39:2-3kenbe silans selon peche mwen, 
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen. 
 4 Paske lajounen kon lannwit, 
✡ I Sam 5:6men Ou te lou sou mwen. 
Fòs mwen te epwize vin bese 
tankou gwo chalè nan gran sezon ete. 
Tan
  5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, 
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. 
Mwen te di: ✡ I Jn 1:9“Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, 
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo. 
 6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, 
✡ Sòm 69:13nan yon lè ke Ou toujou disponib. 
Anverite, nan gran flèv dlo yo, 
yo p ap kab rive kote Li ankò. 
 7 Ou se kote ke m konn kache a. 
Ou ✡ Sòm 121:7 pwoteje mwen kont gwo twoub. 
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo. 
 8 Mwen va ✡ Sòm 25:8enstwi ou e fè ou aprann chemen 
nan sila ou dwe ale a. 
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou. 
 9 Pa fè ✡ Pwov 26:3tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, 
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. 
Otreman, yo p ap vin kote ou. 
 10 Anpil se ✡ Wo 2:9tristès a mechan yo, 
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a, 
se lanmou dous ki va antoure li. 
 11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! 
Rele avèk jwa, nou tout ✡ Sòm 7:10ki dwat nan kè nou yo.