85
Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo 
 1 O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a. 
Ou te ✡ Egz 1:11 restore kaptivite a Jacob la. 
 2 Ou te ✡ Nonb 14:19 padone inikite a pèp Ou a. 
Ou te kouvri tout peche yo. 
 3 Ou te retire tout gran kòlè Ou. 
Ou te ✡ Egz 32:12 detounen kòlè Ou ki brile a. 
 4 Restore nou, O Bondye a sali nou an, 
e ✡ Dan 9:16 fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann. 
 5 Èske ✡ Sòm 74:1 Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? 
Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo? 
 6 Èske se pa Ou menm ki pou fè nou ✡ Sòm 71:20 reprann ankò? 
Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou? 
 7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ. 
✡ Sòm 106:4 Pèmèt nou resevwa sali Ou a. 
 8 Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. 
Paske La p ✡ Sòm 29:11 pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, 
men pa kite yo retounen nan foli yo. 
 9 Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, 
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an. 
 10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. 
✡ Sòm 72:3Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt. 
 11 Verite ✡ És 45:8 vòltije sòti nan latè, e 
Ladwati veye depi anwo nan syèl la. 
 12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon, 
e ✡ Lev 26:4 peyi nou an va bay rekòlt li. 
 13 Ladwati va mache devan L. 
L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.