56
Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath. 
Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An” 
 1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; 
Nan goumen tout lajounen, li vin ✡ Sòm 17:9oprime mwen. 
 2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. 
Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo. 
 3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou. 
 4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! 
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. 
Mwen p ap pè. 
✡ Sòm 118:6Kisa lòm ka fè m? 
 5 Tout lajounen, yo ✡ II Pi 3:16tòde pawòl mwen yo. 
Tout panse yo kont mwen se pou mal. 
 6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. 
Y ap ✡ Sòm 71:10tann pou rache lavi m. 
 7 Akoz mechanste sa a, ✡ Sòm 36:12jete yo deyò. 
Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye! 
 8 Ou te byen konte tout egare mwen fè. 
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. 
Èske yo tout pa ekri nan ✡ Mal 3:16liv Ou a? 
 9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. 
Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen. 
 10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li. 
Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li. 
 11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. 
Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m? 
 12  ✡ Sòm 50:14Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. 
Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm. 
 13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. 
Ou te anpeche ✡ Sòm 116:8pye mwen glise tonbe, 
pou m ta kab mache devan Bondye 
nan limyè a moun vivan yo.