36
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a 
 1 Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. 
Nanpwen ✡ Wo 3:18krent Bondye devan zye l. 
 2 Jan li kontan ak pwòp tèt li, 
li pa janm wè pwop peche pa l la. 
 3  ✡ Sòm 10:7Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. 
Li fè yon chemen ki pa bon. 
 4 Sou kabann li, li fè plan mechan; 
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; 
Li ✡ Wo 12:9pa rayi mal. 
 5  ✡ Sòm 57:10Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, 
fidelite Ou nan syèl la. 
 6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, 
e✡ Wo 11:33jijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. 
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt. 
 7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye! 
Pitit a lòm yo ✡ Rt 2:12pran azil anba lonbraj zèl Ou. 
 8 Yo ✡ És 25:6bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. 
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo. 
 9 Paske avèk Ou, se ✡ Jr 2:13fontèn dlo lavi a. 
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè. 
 10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo, 
ak ✡ Sòm 24:5ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo. 
 11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen, 
ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale. 
 12 Se la ✡ Sòm 140:10sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. 
Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.