LIV 3 
 73
Yon Sòm Asaph 
 1 Anverite, Bondye bon a Israël, 
a sila avèk kè ki ✡ Sòm 24:4 san tach yo! 
 2 Men pou mwen, ✡ Sòm 94:18 pye m te prèt pou glise tonbe, 
Pa m yo te prèt pou chape. 
 3 Paske mwen te gen anvi awogan yo, 
lè m te wè jan ✡ Job 21:7mechan yo te byen reyisi. 
 4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra. 
 5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun, 
ni yo pa toumante tankou limanite. 
 6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl ✡ Jen 41:42 kolye. 
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad. 
 7 Zye yo anfle nan mitan ✡ Job 15:27 grès yo. 
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt. 
 8 Yo ✡ Sòm 1:1 giyonnen moun. 
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun. 
Yo pale konsi se anwo sa soti. 
 9 Nan bouch ✡ Rev 13:6 yo rive nan syèl la, 
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè. 
 10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo, 
e yo kontinye bwè ✡ Sòm 23:5 gran sous yo nèt. 
 11 Yo di: “Kòman Bondye konnen? 
Eske gen konesans kote Pi Wo a?” 
 12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye. 
Konsi, toujou ✡ Jr 49:31 alèz, yo te agrandi richès yo. 
 13 Anverite, ✡ Job 21:15 se an ven mwen te kenbe kè m san tach, 
ak lave men m nan inosans. 
 14 Paske mwen te twouble tout lajounen 
e te resevwa ✡ Job 33:9 chatiman chak maten. 
 15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,” 
gade byen, mwen ta trayi ✡ Sòm 14:5 jenerasyon pitit Ou yo. 
 16 Lè m te ✡ Ekl 8:17 reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm. 
 17 Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a, 
mwen te vin konprann jan yo ta ✡ Sòm 37:38 fini. 
 18 Anverite, Ou te mete yo kote ki ✡ Sòm 35:6 glise anpil. 
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt. 
 19 Men kijan yo va ✡ Nonb 16:21 detwi nan yon enstan! 
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman! 
 20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ, 
lè Ou leve, Ou va ✡ I Sam 2:30 meprize pwòp fòm yo. 
Ou va rayi rèv de lespri yo. 
 21 Lè kè m te vin anmè, 
e kè m te ✡ Trav 2:37 pike anndan m, 
 22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann. 
Mwen te tankou yon ✡ Job 18:3bèt devan Ou. 
 23 Sepandan, ✡ Sòm 16:8 mwen avè W tout tan. 
Ou te kenbe men dwat mwen. 
 24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, 
e apre, ✡ Jen 5:24resevwa mwen nan laglwa. 
 25  ✡ Sòm 16:2 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? 
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè. 
 26  ✡ Sòm 38:10 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, 
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan. 
 27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va ✡ Sòm 37:20 peri. 
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo. 
 28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. 
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, ✡ Sòm 14:6refij mwen, 
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.