37
Yon Sòm David 
 1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin ✡ Sòm 73:3pote lanvi pou malfektè yo. 
 2 Paske yo va ✡ Job 14:2fennen vit tankou zèb chan, 
e disparèt tankou zèb ki vèt. 
 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. 
✡ Éz 34:13-14Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè. 
 4 Pran plezi ou nan SENYÈ a. 
Konsa, Li va ✡ Sòm 145:19bay ou tout dezi a kè ou. 
 5  ✡ Pwov 16:3Dedye chemen ou a SENYÈ a. 
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè: 
 6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè, 
Ak jijman ou klere ✡ Job 11:17 kon midi. 
 7 Pran repo nan SENYÈ a, e ✡ Sòm 40:1tann Li ak pasyans; 
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, 
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo. 
 8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal. 
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste 
 9 Konsa, ✡ Sòm 37:2-22malfektè yo va koupe retire nèt, 
men sila k ap tann SENYÈ yo, 
va vin genyen peyi a kon eritaj yo. 
 10 Men yon ✡ Job 24:24ti tan ankò, mechan an va disparèt. 
Ou va chache avèk atansyon plas li, 
men li p ap egziste. 
 11 Konsa, ✡ Mat 5:5enb yo va fè eritaj peyi a. 
Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil. 
 12 Mechan an ✡ Sòm 31:13-20fè konplo kont sila ki dwat yo. 
Li manje dan l sou li. 
 13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke ✡ I Sam 26:10 jou li a ap rive. 
 14 Mechan yo rale nepe e ✡ Lam 2:4koube banza yo, 
pou jete aflije yo avèk malere a, 
pou touye sila ki dwat nan kondwit yo. 
 15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. 
✡ I Sam 2:4Banza yo ap kase. 
 16  ✡ Pwov 15:16Pi bon se ti kras a moun dwat yo, 
pase abondans anpil a mechan yo. 
 17 Paske bra a mechan yo va kase, 
men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo. 
 18 SENYÈ a ✡ Sòm 1:6konnen jou a sila ki dwat yo. 
Eritaj yo va dire jis pou tout tan. 
 19 Yo p ap wont nan move tan. 
Nan ✡ Job 5:20jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont. 
 20 Men mechan yo va peri. 
Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. 
Yo va vin disparèt. 
Tankou ✡ Sòm 68:2 lafimen, 
yo ale nèt. 
 21 Mechan an prete, men li pa remèt, 
men moun dwat la ✡ Sòm 112:5-9ranpli ak gras pou l ka bay an abondans. 
 22 Paske sila ke Bondye beni yo, va ✡ Pwov 3:33eritye peyi a, 
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt. 
 23  ✡ I Sam 2:9Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. 
Konsa, Li pran plezi nan chemen li. 
 24 Lè ✡ Pwov 24:15li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, 
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an. 
 25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun, 
men ✡ Eb 13:5mwen poko wè moun dwat ki abandone, 
ni desandan li yo k ap mande pen. 
 26 Tout lajounen, ✡ Det 15:8 moun dwat la 
plen ak gras pou prete moun. 
Desandan li yo se yon benediksyon. 
 27 Kite mal e fè sa ki bon, 
pou ou kab viv ✡ Sòm 102:28 jis pou tout tan. 
 28 Paske SENYÈ a renmen jistis, 
e li pa abandone fidèl li yo. 
Yo prezève pou tout tan, 
men mechan yo va vin koupe retire nèt. 
 29 Moun ladwati yo va ✡ Sòm 37:9eritye peyi a, 
pou viv ladann pou tout tan. 
 30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, 
epi lang li va ✡ Sòm 119:13 pale jistis. 
 31  ✡ Det 6:6Lalwa Bondye nan kè li. 
Pa li yo pa janm glise. 
 32 Mechan an ap veye dwat la 
pou ✡ Sòm 37:14chache touye li. 
 33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li, 
ni ✡ Sòm 34:22kite li kondane lè li jije. 
 34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an. 
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a. 
Lè ✡ Sòm 52:5-6mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l. 
 35 Mwen konn ✡ Job 5:3wè yon nonm mechan e vyolan 
Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li. 
 36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li ✡ Job 20:5pa t la ankò. 
Mwen te chache li, men li pa t kab twouve. 
 37 Byen remake nonm san tò a, 
epi gade byen nonm ladwati a, 
paske nonm lapè a va gen ✡ És 57:1-2posterite. 
 38 Men pechè a va detwi nèt. 
Posterite a mechan an va ✡ Sòm 37:9koupe retire nèt. 
 39 Men ✡ Sòm 3:8delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a. 
Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la. 
 40 SENYÈ a ede yo e delivre yo. 
Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. 
Li sove yo, akoz se nan Li ke yo ✡ I Kwo 5:20 kache.