84
Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo. 
 1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo! 
 2  ✡ Sòm 42:1-2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. 
Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an. 
 3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e 
iwondèl la yon nich pou li menm, 
kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo, 
Oh Wa m ak Bondye m. 
 4 A la ✡ Sòm 65:4 beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni! 
Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan. 
 5 A la beni nonm ki ✡ Sòm 81:1 gen fòs li nan Ou, 
Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye. 
 6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; 
✡ Sòm 107:35 Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon. 
 7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. 
Yo chak parèt devan Bondye nan Sion. 
 8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. 
Prete zorèy Ou, O ✡ Sòm 81:1 Bondye Jacob la! 
Tan
  9 Gade byen boukliye nou an. 
Gade sou vizaj ✡ I Sam 16:6 onksyone Ou a. 
 10 Paske ✡ Sòm 27:4 yon sèl jou nan lakou Ou a, 
pi bon pase mil jou deyò. 
Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, 
pase pou m ta abite nan tant a mechan yo. 
 11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se ✡ És 60:19-20 yon solèy ak yon boukliye. 
SENYÈ a va bay gras avèk glwa. 
Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo. 
 12 O SENYÈ dèzame yo! 
A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!