126
Yon chan pou monte vè tanp lan 
 1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, 
nou te ✡ Trav 12:9tankou sila ki fè rèv yo. 
 2 Nan lè sa a, bouch nou te plen 
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. 
Konsa, yo te di pami nasyon yo: 
“SENYÈ a ✡ I Sam 12:24te fè gwo bagay pou yo.” 
 3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. 
Nou ✡ És 25:9kontan. 
 4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, 
kon ✡ És 35:6rivyè nan dezè a. 
 5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo 
Va rekòlte avèk ✡ És 35:10gwo kri lajwa. 
 6 Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. 
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, 
akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.