125
Yon chan pou monte vè tanp lan. 
 1 Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, 
ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan. 
 2 Kon mòn antoure Jérusalem yo, 
se konsa ✡ Za 2:5SENYÈ a antoure pèp Li a 
depi moman sa a, e jis rive pou tout tan. 
 3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, 
jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal. 
 4 Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki ✡ Sòm 7:10dwat nan kè yo. 
 5 Men pou sila ki vire akote pou ✡ Pwov 2:15chemen kwochi pa yo, 
SENYÈ a va mennen yo sòti avèk 
sila ki fè inikite yo. 
Ke lapè rete sou Israël.