142
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè 
 1 Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. 
Ak vwa m, mwen ✡ Sòm 30:8fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd. 
 2 Mwen vide plent mwen yo devan L. 
Mwen deklare ✡ Sòm 77:2pwoblèm mwen yo devan L. 
 3 Lè ✡ Sòm 77:3lespri m te fin bat anndan m, 
Ou te konnen chemen mwen. 
Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen. 
 4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. 
Nanpwen moun ki pou fè m chape. 
Nanpwen moun ki pou pran swen m. 
 5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. 
Mwen te di “Se Ou menm ki ✡ Sòm 91:2-9sekou mwen, 
pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.” 
 6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. 
Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, 
paske yo ✡ Sòm 18:17 twò fò pou mwen. 
 7  ✡ Sòm 143:11Mennen nanm mwen sòti nan prizon, 
pou m kab bay remèsiman a non Ou. 
Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, 
paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”