30
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David 
 1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou ✡ Sòm 3:3te leve mwen. 
Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen. 
 2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, 
e Ou te ✡ És 53:5geri mwen. 
 3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. 
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la. 
 4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. 
Bay remèsiman a ✡ Os 12:5 sen non Li. 
 5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, 
men Bonte Li se pou tout tan. 
Kriye a kapab dire ✡ II Kwo 4:17 pou nwit lan, 
men kri lajwa a vin parèt nan maten. 
 6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, 
“Mwen ✡ Sòm 10:6p ap janm ebranle.” 
 7 O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. 
Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt. 
 8 A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. 
A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo: 
 9 “Ki benefis ki genyen nan san mwen 
si mwen ✡ Sòm 28:1desann nan gwo fòs la? 
Èske pousyè a kab louwe Ou? 
Èske li va deklare fidelite Ou? 
 10 Tande, O SENYÈ e fè m gras. 
O SENYÈ, ✡ Sòm 27:9ban m soutyen.” 
 11 Ou te chanje doulè mwen, e 
sa te fè m vin danse ak lajwa; 
Ou te ✡ És 20:2demare rad twal sak mwen an, 
e te mare senti m avèk kè kontan. 
 12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. 
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va 
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.