15
 1 Alò, Samuel te di a Saül: ✡ I Sam 9:16“SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a.  2 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek ✡ Egz 17:8-16pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la.  3 Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men ✡ I Sam 22:19mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’ ” 
 4 Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan ✡ Jos 15:24Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo.  5 Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a.  6 Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske ✡ Egz 18:9-10nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo. 
 7 Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan ✡ Jen 25:18Havila pou rive ✡ Egz 15:22Schur, ki te bò lès a Égypte la.  8 Li te kaptire vivan ✡ I Sam 15:20Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe.  9 Men Saül avèk pèp la te ✡ I Sam 15:3-19lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt. 
 10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di:  11  ✡ Egz 32:14“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske ✡ I Wa 9:6-7li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan. 
 12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan ✡ Jos 15:55Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.” 
 13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.” 
 14 Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?” 
 15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske ✡ Egz 32:22-23pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.” 
 16 Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” 
Epi li te di li: “Pale”! 
 17 Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke ✡ I Sam 9:21 malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo?  18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: ✡ I Sam 15:3‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’  19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; ✡ I Sam 14:32men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?” 
 20 Alò Saül te di a Samuel: ✡ I Sam 15:13“Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo.  21 Men ✡ Egz 32:22-23pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.” 
 22 Samuel te di: ✡ És 1:11-15“Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.  23 Paske rebelyon se tankou peche ✡ Det 18:10divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.” 
 24 Alò, Saül te di a Samuel: ✡ Pwov 29:25“Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.  25 Alò, pou sa, ✡ Egz 10:17souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.” 
 26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske ✡ I Sam 13:14ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.”  27 Lè Samuel te vire pou l sòti, ✡ I Wa 11:30-31Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire.  28 Epi Samuel te di li: ✡ I Sam 28:17-18“SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.  29 Anplis, Glwa Israël La ✡ Éz 24:14p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.” 
 30 Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, ✡ És 29:13pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.” 
 31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a.  32 Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.” 
Epi Agag te vin kote li avèk kè kontan. Akoz Agag t ap di: “Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase.” 
 33 Men Samuel te di: ✡ Jij 1:7“Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal. 
 34 Samuel te ale ✡ I Sam 7:17Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li.  35  ✡ I Sam 19:24Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël.