13
 1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak ✡ Wo 12:6mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul. 
 2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou ✡ Trav 9:15travay ke mwen rele yo a.” 
 3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te ✡ Trav 6:6poze men sou yo e te voye yo ale. 
 4  ✡ Trav 4:36Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.  5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis ✡ Trav 12:12Jean te la pou ede yo. 
 6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten ✡ Trav 8:9majisyen Jwif, yon ✡ Mat 7:15fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus  7 ki te avèk ✡ Trav 13:8,12pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a. 
 8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont ✡ Trav 6:7lafwa a.  9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ✡ Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li.  10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm ✡ Mat 13:38fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?  11 Koulye a, gade byen ✡ Egz 9:3men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” 
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen. 
 12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de ✡ Trav 8:25doktrin Senyè a. 
 13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. ✡ Trav 12:12Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem. 
 14 Men kontinye soti Perge yo te rive ✡ Trav 14:19,21Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita.  15 Aprè Lalwa ak ✡ Trav 13:27Pwofèt yo ✡ Trav 15:21te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.” 
 16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki ✡ Trav 10:2krent Bondye, koute:  17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te ✡ Egz 1:7fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve ✡ Egz 12:51Li te mennen yo sòti ladann.  18  ✡ Nonb 14:34Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a. 
 19 “Lè L te fin detwi ✡ Det 7:1sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te ✡ Jos 14:1divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.  20 Apre bagay sa yo, Li te ✡ Jij 2:16bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la. 
 21 “Yo te ✡ I Sam 8:5mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo ✡ I Sam 9:1Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane. 
 22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ✡ I Sam 13:14‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’. 
 23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël ✡ Luc 2:11yon Sovè, Jésus. 
 24 “Avan Li te vini ✡ Mc 1:1-4Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la.  25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, ✡ Mat 3:11li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase. 
 26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj ✡ Jn 6:68sali sila a voye.  27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.  28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te ✡ Mat 27:22,23mande Pilate pou li ta fè l mouri.  29 Epi lè yo te ✡ Trav 26:22fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te ✡ Luc 23:53retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm. 
 30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò.  31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, ✡ Trav 1:3 te wè li, menm sila yo ki koulye a se ✡ Luc 24:48temwen Li a pèp la. 
 32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a ✡ Wo 4:13pwomès ki te fèt a zansèt nou yo,  33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan: 
✡ Sòm 2:7‘Ou se Fis Mwen; 
jodi a Mwen fè Ou.’ 
 34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ✡ És 55:3‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’ 
 35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ✡ Sòm 16:10‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’ 
 36 “Paske David, apre li te sèvi ✡ Trav 13:22plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.  37 Men Sila ke Bondye te ✡ Trav 2:24fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm. 
 38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke ✡ Luc 24:47atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm.  39 Selon Li menm, ✡ Trav 10:43tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la. 
 40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale ✡ Luc 24:44nan pwofèt yo pa vini sou nou: 
 41  ✡ Hab 1:5‘Gade byen mokè yo; 
Vin etone, e peri! 
Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo, 
yon zèv ke nou p ap janm kwè, 
menmsi yon moun ta eksplike nou li.’ ” 
 42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen ✡ Trav 13:14Saba a.  43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak ✡ Trav 17:4pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan ✡ Trav 11:23gras Bondye a. 
 44 Nan ✡ Trav 13:14pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a. 
 45 Men lè ✡ Trav 13:50Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm. 
 46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm ✡ Trav 3:26avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen ✡ Trav 18:6n ap vire bò kote pèp etranje yo.  47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou: 
✡ És 42:6‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo, 
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’ ” 
 48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki ✡ Wo 8:28te nome pou lavi etènèl yo te kwè.  49  ✡ Trav 13:12Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an. 
 50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou ✡ Trav 16:14fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo. 
 51 Men ✡ Mat 10:14yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone. 
 52 Epi disip yo te kontinye ✡ Trav 2:4ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.