24
 1 Alò, Li te di a Moïse: ✡ Egz 19:24 “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans.  2 Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.” 
 3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: ✡ Egz 19:8 “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”  4  ✡ Egz 17:4Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. 
Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.  5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, ✡ Egz 18:12  yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a. 
 6  ✡ Eb 9:18 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la.  7 Epi li te pran ✡ Egz 24:4 liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.” 
 8 Alò, ✡ Eb 9:19,20 Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.” 
 9 Alò, Moïse te pran Aaron, ✡ Egz 24:1 Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte.  10  ✡ Egz 24:11 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.  11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. ✡ Jen 16:3 Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè. 
 12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi ✡ Egz 31:18 Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.” 
 13 Alò, Moïse te leve avèk ✡ Egz 17:9-14Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan ✡ Egz 3:1mòn Bondye a.  14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, ✡ Egz 17:10,12 Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.” 
 15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e ✡ Egz 19:9 nwaj la te kouvri mòn nan. 
 16  ✡ Egz 16:10 Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la. 
 17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon ✡ Det 4:24 dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan. 
 18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan ✡ Egz 34:28 karant jou ak karant nwit.