5
 1 Tande bagay sa a, O prèt yo! 
Prete zòrèy ou O lakay Israël! 
Koute byen, O lakay wa a! 
Paske jijman an se pou ou, 
paske ou te yon pèlen nan Mitspa 
e yon Filè ouvri sou Thabor.✡ Os 9:8 
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout. 
 3 Mwen ✡ Am 3:2konnen Éphraïm 
e Israël pa kache devan M; 
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. 
Israël te souye tèt li. 
 4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, 
paske, yon ✡ Os 4:12lespri pwostitisyon rete anndan yo. 
Yo ✡ Os 4:6,14 pa konnen SENYÈ a. 
 5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. 
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. 
Anplis, ✡ Éz 23:31-35 Juda va tonbe avèk yo. 
 6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo 
pou y al chache SENYÈ a, 
men yo ✡ Pwov 1:28p ap jwenn Li. 
Li te ✡ Éz 8:6 retire tèt Li kite yo. 
 7 Yo te ✡ És 48:8aji an trèt kont SENYÈ a, 
paske yo te fè pitit ilejitim. 
Koulye a nouvèl lin nan 
va devore yo menm ak chan yo. 
 8  ✡ Jl 2:1“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. 
Sone alam Beth-Aven nan: 
✡ Jij 5:14 Dèyè ou, Benjamin! 
 9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan ✡ És 37:3jou repwòch la; 
Pami tribi Israël yo, Mwen ✡ És 46:10deklare sa ki va rive. 
 10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki ✡ Det 19:14deplase Bòn yo; 
Sou yo, Mwen va vide tout 
chalè kòlè Mwen an tankou dlo. 
 11 Éphraïm vin oprime, 
Li vin kraze nan jijman an, 
✡ Mi 6:16 akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo. 
 12 Akoz sa, mwen vin tankou 
yon papiyon twal pou Éphraïm 
e tankou pouriti pou lakay Juda.✡ Sòm 39:11 
 13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a, 
e Juda, jan li te blese a; 
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. 
Li te voye kote Wa Jareb. 
Men li p ap ka geri w, 
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.✡ Os 7:11; Os 10:6 
 14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, 
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. 
✡ Sòm 50:22Mwen menm, Mwen va chire an mòso 
e Mwen va ale. 
Mwen va pote ale, e ✡ Mi 5:8 p ap gen 
moun ki pou delivre. 
 15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen, 
jiskaske yo vin ✡ És 64:7rekonèt koupabilite yo, 
pou chache fas Mwen. 
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”