64
 1 O ke Ou ta chire syèl yo, 
ke Ou ta desann, 
ke mòn yo ta ✡ Jij 5:5tranble devan prezans Ou— 
 2 tankou dife anflame touf bwa chan an, 
tankou dife fè dlo bouyi. 
Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, 
pou ✡ Sòm 99:1nasyon yo ka tranble devan prezans Ou! 
 3 Kon lè Ou te fè ✡ Sòm 65:5 bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo; 
Ou te desann. 
Mòn yo te tranble devan prezans Ou. 
 4 Depi nan jou ansyen yo, ✡ I Kor 2:9yo pa t tande ni sezi ak zorèy, 
ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, 
k ap aji pou sila k ap tann Li an. 
 5 Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, 
ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. 
Gade byen, ✡ És 12:1Ou te fache paske nou te peche, 
nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. 
Èske nou va sove? 
 6 Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. 
Tout ✡ És 46:12zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; 
konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, 
e inikite nou yo tankou van, pote nou ale. 
 7 Nanpwen moun ki rele non Ou, 
ki leve pou atache a Ou menm; 
paske Ou te ✡ Det 31:18kache figi Ou a nou menm 
e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo. 
 8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, 
nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; 
nou tout se ✡ Sòm 100:3zèv men Ou yo. 
 9 Pa vin fache depase, O SENYÈ, 
✡ És 43:25ni sonje inikite nou yo pou tout tan. 
Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a. 
 10  ✡ És 48:2Vil sen Ou yo te vin yon dezè; 
Sion te vin yon dezè, 
Jérusalem yon kote dezole. 
 11  ✡ II Wa 25:9Bèl kay sen nou an, 
kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, 
te brile ak dife; 
epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt. 
 12 Èske Ou va ✡ Sòm 74:10ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ? 
Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?