LEVANJIL SELON JEAN  
 1
 1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. ✡ Jn 17:5  2 Li te nan kòmansman avèk Bondye.  3  ✡ Jn 1:10Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.  4  ✡ Jn 5:26Nan Li se te lavi, epi lavi se te ✡ Jn 8:12limyè a lòm.  5  ✡ Jn 3:19Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li. 
 6 Te ✡ Mat 3:1vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.  7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, ✡ Jn 1:12pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.  8 Se pa ✡ Jn 1:20li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a. 
 9 Te gen ✡ I Jn 2:8vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.  10 Li te nan lemond, e ✡ I Kor 8:6lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li.  11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li.  12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni ✡ Jn 11:52pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,  13  ✡ Jn 3:5ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye. 
 14 E pawòl la te ✡ Fil 2:7vin lachè, e te viv pami nou. ✡ Luc 9:32Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite. 
 15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ✡ Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ ”  16 Paske nan ✡ Ef 1:23plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.  17 Paske ✡ Jn 7:19Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.  18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men ✡ Jn 3:16,18Fis inik la, ✡ Luc 16:22ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L. 
 19 E sa se ✡ Jn 1:7temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?” 
 20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese: 
✡ Luc 3:15“Mwen menm se pa Kris la.” 
 21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie? 
Li te di: “Non mwen pa Li.” 
“Èske ou menm se ✡ Det 18:15-18Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.” 
 22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?” 
 23 Li te di: “Mwen menm se ✡ És 40:3yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.” 
 24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo.  25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen ✡ Det 18:15-18poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?” 
 26 Jean te reponn yo konsa: ✡ Mat 3:11“Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen.  27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm ✡ Mat 3:11lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.” 
 28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, ✡ Jn 3:26lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a. 
 29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade ✡ És 53:7Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.  30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ✡ Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’  31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.” 
 32 Jean te fè temwayaj epi te di: ✡ Mat 3:16“Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li.  33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, ✡ Mat 3:11se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’  34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se ✡ Mat 4:3Fis Bondye a.” 
 35 Ankò ✡ Jn 1:29jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo,  36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade ✡ Jn 1:29Jenn Mouton Bondye a!” 
 37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus. 
 38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”?  Yo te di Li: ✡ Mat 23:7“Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?” 
 39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.”  Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè. 
 40  ✡ Mat 4:18-25Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre.  41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.” 
 42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon,  ✡ Mat 16:17 fis a Jean. Ou va rele Céphas,”  ki tradwi vle di Pierre. 
 43 Jou apre Li te vle antre nan ✡ Mat 4:12Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”  
 44 Philippe te sòti nan ✡ Mat 11:21Bethsaïda, vil André avèk Pierre a.  45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke ✡ Luc 24:27Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.” 
 46 Nathanaël te di l ✡ Jn 7:41-52“Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.” 
 47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: ✡ Wo 9:12“Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”  
 48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan ✡ Mat 10:3Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”  
 49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se ✡ Mat 2:2Wa Israël la.” 
 50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.”   51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè  ✡ Éz 1:1 syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”