20
 1 Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn: 
 2 “Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons, 
menm akoz tout anndan m tèlman ajite. 
 3 Mwen tande ✡ Job 19:3repwòch ki fè m wont. 
Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn. 
 4 Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan ✡ Job 8:8tan ansyen an, 
depi lòm te mete sou latè, 
 5 Ke ✡ Sòm 37:35-36viktwa a mechan yo kout, 
e ✡ Job 8:13jwa a enkwayan an se pou yon moman? 
 6 Malgre wotè li ta ✡ És 14:13-14rive nan syèl la, 
pou tèt li ta touche nwaj yo, 
 7 l ap ✡ Job 4:20peri nèt tankou fatra. 
Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’ 
 8 Li vole ale tankou yon ✡ Sòm 73:20rèv, e yo pa kab jwenn li. 
Menm tankou yon rèv lannwit, li fin ✡ Job 27:21-23chase ale. 
 9  ✡ Job 7:8Zye ki te wè l la pa wè l ankò, 
e plas li a pa gade li ankò. 
 10  ✡ Job 5:4Fis li yo fè byen pou malere yo, 
e men yo ✡ Job 27:16-17remèt byen li yo. 
 11  ✡ Job 21:23-24Zo li yo plen ak fòs jenès li, 
men li kouche ansanm avè l nan pousyè a. 
 12 “Sepandan, ✡ Job 15:16mechanste dous nan bouch li 
e li kache li anba lang li, 
 13 Li pito mal la, e refize lage l, 
men kenbe li ✡ Nonb 11:18-23nan bouch li, 
 14 men manje nan vant li vire. 
Li tounen pwazon vipè anndan l. 
 15 Li te vale richès, 
men ✡ Job 20:10-21vomi fè yo retounen vin parèt. 
Bondye va fè yo sòti nan vant li. 
 16 Li souse ✡ Det 32:24-33pwazon koulèv yo; 
lang a vipè a kap touye li. 
 17 Li pa gade ✡ Det 32:13-14 dlo yo ankò, 
ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo. 
 18 Li ✡ Job 20:10-15 remèt sa ke li te pran an. 
Li pa kab vale l. 
Afè richès a komès li yo, 
li pa kab menm rejwi de yo. 
 19 Paske li te ✡ Job 24:2-4 oprime e abandone malere yo. 
Li te sezi yon kay ke li pa t bati. 
 20 “Akoz li pa t kab kalme kè l, 
li pat kab ✡ Ekl 5:13-14 kenbe anyen nan sa li renmen. 
 21 Anyen pat rete ke li pat devore; 
akoz sa a, ✡ Job 15:29 byen li yo pat dire. 
 22 Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; 
✡ Job 5:5 men a tout moun ki soufri yo va vini kont li. 
 23 Lè li ✡ Job 20:13 plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. 
Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje. 
 24 Li kapab ✡ És 24:18 sove ale devan zam fèt ak fè a, 
men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l. 
 25 L ap rale sòti parèt dèyè do li, 
menm pwent glise a soti nan fyèl li. 
✡ Job 18:11-14 Gwo laperèz va parèt sou li. 
 26 Fènwa nèt rezève kon trezò li, 
e ✡ Job 15:30 flanm dife san van an va devore li. 
Li va manje tout sa ki rete nan tant li an. 
 27  ✡ Det 31:28 Syèl yo va revele inikite li 
e tè a va leve kont li. 
 28  ✡ Det 28:31 Riches lakay li va pati, 
posesyon li yo va ale ✡ Job 20:15nan jou kòlè Li a. 
 29 Sa se ✡ Job 27:13 pòsyon a moun mechan 
k ap sòti nan men Bondye, 
sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”