NAHUM  
 1
 1 Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la.  2 Yon Dye ✡ Egz 20:5; Det 32:35,41 jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li.  3 SENYÈ a ✡ Egz 34:6,7 lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li.  4 Li ✡ Jos 3:15,16; És 33:9 Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen.  5 Mòn yo ✡ Egz 19:18; És 24:1,20 tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.  6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte ✡ És 13:13chalè kòlè Li? Se tankou dife ✡ És 66:15 kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.  7 SENYÈ a ✡ Sòm 25:8 bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.  8 Men tankou yon ✡ És 28:2,17 inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa.  9 Nenpòt panse nou konn ✡ Sòm 2:1fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa ✡ És 28:22 nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa.  10 Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va ✡ És 5:24  vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt.  11 Nan ou, te sòti yon moun ki te ✡ És 10:7-11 fè move konplo kont SENYÈ a, yon ✡ Éz 11:2 konseye mechan. 
 12 Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va ✡ És 10:16-19,33,34vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou ✡ Lam 3:31,32 ankò.  13 Pou sa, koulye a, Mwen va ✡ És 9:4 kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.” 
 14 SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: ✡ Job 18:17; Éz 32:22 “P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.” 
 15 Gade byen, ✡ És 40:9 sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.