7
 1 Malè a mwen menm! 
Anverite, mwen tankou moun 
k ap ranmase fwi gran sezon, 
k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. 
Pa gen grap rezen pou manje, 
ni yon grenn ✡ És 28:4premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute. 
 2 Moun fidèl ✡ És 57:1 fin disparèt sou latè a, 
e nanpwen moun dwat pami lòm. 
Yo tout kouche an anbiskad pou ✡ És 59:7vèse san; 
yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen. 
 3 Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l ✡ Pwov 4:16,17 byen. 
Prens lan mande, e jij la prè pou yon ✡ Am 5:12glise anba tab. 
Yon nonm pwisan prezante tout mechanste 
ke nanm li bezwen. 
Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl. 
 4 Pi bon nan yo se pikan. 
Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. 
Jou gadyen ou, 
jou ✡ És 10:3vizitasyon ou an fin rive. 
Koulye a y ap ✡ És 22:5 boulvèse, egare nèt. 
 5 Pa ✡ Jr 9:4fè konfyans ak yon vwazen. 
Pa fè konfyans ak yon zanmi. 
Ak fi la k ap kouche ak ou a, 
gade pòt bouch ou! 
 6 Paske ✡ Mat 10:21,25fis la derespekte papa a, 
e fi a leve kont manman li, 
bèlfi a kont bèlmè li; 
lènmi a yon nonm se anndan lakay li. 
 7 Men pou mwen menm, 
mwen va ✡ Hab 2:1 gade vè SENYÈ a. 
Mwen va ✡ Sòm 130:5tann Bondye a sali mwen an. 
Bondye mwen an va koute mwen. 
 8  ✡ Pwov 24:17Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. 
Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. 
Malgre mwen chita nan tenèb, 
SENYÈ a va yon ✡ És 9:2 limyè pou mwen. 
 9 Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a, 
akoz mwen te peche kont Li, 
jiskaske li ✡ Jr 50:34plede ka mwen an, 
e egzekite jijman pou mwen. 
Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè, 
e mwen va wè ladwati Li. 
 10 Answit, lènmi m va wè sa, 
e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: 
“Kote SENYÈ Bondye ou a?” 
Zye m va gade fi sa a. 
Epi konsa, nan lè sa a, li va 
vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.✡ És 51:23 
 11 Sa va yon jou pou ✡ És 54:11bati miray ou yo. 
Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi. 
 12 Sa va yon jou ke yo va ✡ És 19:23-25vin kote ou 
soti Assyrie ak vil Égypte yo; 
soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la, 
menm soti nan lanmè, 
rive nan lanmè, 
nan mòn rive nan mòn. 
 13 Malgre, latè va vin ✡ Jr 25:11dezole 
akoz sila k ap viv ladann yo, 
akoz fwi a zak yo. 
 14  ✡ Sòm 95:7Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, 
bann mouton a eritaj Ou a, 
ki rete pou kont yo, nan forè. 
Kite yo manje nan mitan bon pa, 
nan Basan ak Galaad, ✡ Am 9:11 tankou nan ansyen tan an. 
 15 “Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la, 
Mwen va montre ou ✡ Egz 3:20 Mirak.” 
 16 Nasyon yo ✡ És 26:11 va wè, 
e yo va wont de tout pwisans yo. 
Yo va ✡ Mi 3:7mete men yo sou bouch yo; 
zòrèy yo va vin soud. 
 17 Yo va niche pousyè tankou sèpan. 
Tankou bagay k ap ranpe sou latè, 
yo va sòti ✡ Sòm 18:45 tou ap tranble nan sitadèl souteren yo. 
Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak ✡ És 25:3gwo lakrent; 
konsa, yo va pè devan Ou. 
 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, 
ki ✡ Egz 34:7,9 padone inikite, 
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? 
Li pa ✡ Sòm 103:8,9,13kenbe kòlè li pou tout tan an, 
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li. 
 19 Li va gen konpasyon pou nou ankò. 
✡ Jr 50:20Li va foule inikite nou yo anba pye L. 
Wi, Ou va ✡ És 38:17 jete tout peche yo nan fon lanmè. 
 20 Ou va bay ✡ Jen 24:27verite a Jacob 
ak mizerikòd a Abraham, 
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo 
depi nan jou ansyen yo.