7
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush. 
 1 O SENYÈ Bondye mwen an, ✡ Sòm 31:1nan Ou mwen kache. 
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou, 
 2 sof ke li ta chire nanm mwen ✡ Sòm 57:4tankou yon lyon, 
epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m. 
 3 O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, 
si gen ✡ I Sam 24:11enjistis nan men m, 
 4 si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, 
oswa te ✡ I Sam 24:7piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la, 
 5 kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen 
jiskaske li pran l, 
epi kite li foule lavi mwen jis atè. 
Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. 
Tan
  6 Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; 
leve Ou menm kont ✡ Sòm 138:7raj ladvèsè mwen yo. 
Leve Ou menm pou mwen; 
Ou menm ki te etabli jijman an. 
 7 Kite asanble ✡ Sòm 22:27 a tout pèp yo antoure Ou. 
Gouvènen yo, depi an wo. 
 8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo. 
✡ Sòm 18:20Fè m jistis O SENYÈ, 
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm. 
 9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, 
men etabli sila ki dwat yo. 
Paske se ladwati Bondye ki ✡ Jr 11:20fè prèv 
nan kè avèk panse moun. 
 10 Boukliye mwen se avèk Bondye, 
ki ✡ Sòm 97:10-11sove sila ki dwat yo. 
 11 Bondye se yon jij ki jis 
e ki ✡ Sòm 90:9 rayi enjistis chak jou. 
 12 Si yon nonm pa repanti, La p ✡ Det 32:41file nepe Li. 
Li deja koube banza Li; Li prèt. 
 13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. 
Li fè flèch ak shaf ki brile yo. 
 14 Gade byen, l ap lite nan mechanste. 
Wi, li plante jèm mechanste a, 
epi li ✡ És 59:4vin bay nesans a tout sa ki fo. 
 15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt, 
e vin ✡ Job 4:8tonbe nan twou ke li te fè a. 
 16  ✡ Est 9:25Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, 
e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li. 
 17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ✡ Sòm 71:15-16selon ladwati Li. 
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.