22
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an; 
Yon sòm David. 
 1  ✡ Mat 27:46Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou 
te abandone m? 
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen. 
 2 O Bondye mwen, mwen ✡ Sòm 42:3kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. 
E nan lannwit men m pa jwenn repo. 
 3 Sepandan, Ou sen; 
Ou menm ki ✡ Det 10:21sou twòn lwanj pèp Israël la. 
 4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo. 
Yo te mete konfyans yo nan Ou, 
e Ou te ✡ Sòm 107:6delivre yo. 
 5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. 
✡ És 49:23Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi. 
 6 Men mwen se yon ✡ Job 25:6vè, 
mwen pa menm yon moun. 
Parèt abominab devan lèzòm, 
e meprize pa tout moun. 
 7 Tout moun ki wè m vin moke mwen. 
Yo ✡ Mat 27:39separe avèk lèv yo e yo 
souke tèt yo pou di: 
 8 Li mete konfyans nan SENYÈ a. 
Kite Li menm delivre li. 
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li. 
 9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te 
fè m sòti nan vant manman m nan. 
Ou te fè m gen konfyans depi m 
t ap souse tete manman m. 
 10 Sou Ou, mwen te depann ✡ És 46:3depi nesans mwen. 
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m. 
 11  ✡ Sòm 71:12Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. 
Paske nanpwen moun ki pou ede m. 
 12 Anpil towo vin antoure m. 
Towo fò a ✡ Det 32:14Basan yo te ansèkle m. 
 13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, 
tankou yon ✡ Sòm 10:9lyon voras k ap rele fò. 
 14 Mwen vin vide tankou dlo. 
Tout zo m fin dejwente. 
 15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. 
Lang mwen kole akote nan bouch mwen. 
✡ Jn 19:28Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a. 
 16 Konsa, chen yo vin antoure mwen. 
Yon bann malfektè vin ansèkle m. 
Yo te ✡ Mat 27:35pèse dwat mwen avèk pye m. 
 17 Mwen kab kontwole tout zo m yo. 
Yo ✡ Luc 23:27-35gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen. 
 18 Yo ✡ Mat 27:35divize rad mwen pami yo. 
Pou vètman m, yo tire osò. 
 19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! 
Ou menm, sekou mwen, ✡ Sòm 70:5fè vit, vin rive ede m! 
 20 Delivre nanm mwen devan ✡ Sòm 37:14nepe a, 
lavi mwen devan pouvwa a chen an. 
 21 Fè m sekou soti nan bouch a ✡ Sòm 22:13lyon an, 
soti sou kòn a bèf mawon. 
Wi, Ou menm te reponn mwen. 
 22 Mwen va ✡ Sòm 40:10pale non Ou a frè m yo. 
Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou. 
 23  ✡ Sòm 135:19-20Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. 
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! 
Kanpe byen sezi devan L, 
nou tout, desandan Israël yo. 
 24 Paske Li pa t meprize ni 
rayi afliksyon a aflije yo. 
Ni Li pa t kache figi Li a li menm, 
men ✡ Sòm 31:22lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande. 
 25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti 
nan gran asanble a; 
Mwen va ✡ Sòm 61:8akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo. 
 26 Aflije yo va manje e ✡ Sòm 107:9va satisfè. 
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. 
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan! 
 27 Tout ✡ Sòm 2:8ekstremite tè a nèt va sonje. 
Yo va vire bò kote SENYÈ a. 
Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va 
adore devan Ou. 
 28 Paske ✡ Za 14:9wayòm nan se pou SENYÈ a, 
e pouvwa Li se sou tout nasyon yo. 
 29 Tout moun ✡ Hab 1:16 byen reyisi sou latè va manje e adore. 
Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li, 
Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la. 
 30 Jenerasyon yo va sèvi Li. 
Yo va pale de SENYÈ a 
a ✡ Sòm 102:18desandan yo k ap vini an. 
 31 Yo va vini. 
Yo va deklare ladwati Li 
a yon pèp ki ✡ Sòm 78:6va vin fèt. 
Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.