76
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd 
Yon Sòm Asaph, yon Chanson 
 1 Bondye byen rekonèt nan Juda. 
Non Li ✡ Sòm 99:3gran an Israël. 
 2 Tabènak Li a nan Salem. 
✡ Sòm 27:5 Abitasyon Li an osi nan Sion. 
 3 La, Li te ✡ Sòm 46:9 kase flèch dife yo, 
boukliye ak nepe ak zam lagè yo. 
 4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn 
ak bèt lachas yo. 
 5 Sila ak ✡ És 10:12 gran kouraj yo te piyaje, 
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. 
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo. 
 6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, 
ni ✡ Egz 15:1-21 chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy. 
 7 Ou menm, Ou merite lakrent. 
Se ✡ Esd 9:15 kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache? 
 8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. 
Latè te ✡ I Kwo 16:30 krent, e te kanpe rete an plas 
 9 lè Bondye te leve nan jijman an, 
pou sove tout enb sou latè yo. 
Tan
  10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. 
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal. 
 11  ✡ Ekl 5:4-6 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. 
Kite tout sila ki antoure Li yo 
mennen don a Sila ki merite lakrent lan. 
 12 Li va koupe retire nanm a prens yo. 
Wa latè yo ✡ Sòm 47:2 gen lakrent Li.