116
 1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m, 
avèk siplikasyon mwen yo. 
 2 Akoz Li te ✡ Sòm 17:6panche zòrèy Li bò kote m, 
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv. 
 3 Kòd lanmò yo te antoure m, 
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. 
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès. 
 4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a. 
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, ✡ Sòm 17:13sove lavi mwen! 
 5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a. 
Wi, Bondye nou an plen ak ✡ Egz 34:6mizerikòd. 
 6 SENYÈ a toujou pwoteje ✡ Sòm 19:7 moun senp yo. 
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen. 
 7 Reprann ✡ Jr 6:16repo ou, O nanm mwen, paske 
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou. 
 8 Paske Ou te ✡ Sòm 49:15delivre nanm mwen devan lanmò, 
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe. 
 9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan 
✡ Sòm 27:13peyi moun vivan an. 
 10 Mwen ✡ II Kor 4:13te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.” 
 11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: 
✡ Sòm 62:9“Tout moun se mantè”. 
 12 Kisa mwen kapab ✡ II Kwo 32:25bay a SENYÈ a 
Pou tout bonte Li anvè mwen? 
 13 Mwen va leve wo ✡ Sòm 16:5koup sali a, 
e rele non SENYÈ a. 
 14 Mwen va ✡ Sòm 50:14peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a. 
Wi, nan prezans tout pèp Li a! 
 15  ✡ Sòm 72:14Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo. 
 16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. 
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. 
Ou fin ✡ Sòm 107:14lache kòd mwen yo. 
 17 A Ou menm, mwen va ofri yon ✡ Lev 7:12sakrifis remèsiman, 
e va rele sou non SENYÈ a. 
 18 Mwen va ✡ Sòm 116:14peye ve mwen yo a SENYÈ a. 
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a! 
 19 Nan ✡ Sòm 92:13lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm, 
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!