121
Yon Sòm pou monte vè tanp lan 
 1 Mwen leve zye m vè ✡ Sòm 87:1mòn yo. 
Se kibò sekou mwen va sòti? 
 2 Sekou m sòti nan SENYÈ a, 
ki ✡ Sòm 115:15te fè syèl la ak tè a. 
 3 Li ✡ I Sam 2:9p ap kite pye ou chape. 
Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi. 
 4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi. 
 5 SENYÈ a se ✡ Sòm 91:4gadyen ou. 
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou. 
 6  ✡ Sòm 91:5Solèy p ap frape ou lajounen, 
ni lalin pandan lannwit. 
 7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. 
Li va kenbe nanm ou. 
 8 Li va ✡ Det 28:6pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, 
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.