122
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. 
 1 Mwen te kontan lè yo te di mwen, 
“Annou ✡ Sòm 42:4ale lakay SENYÈ a.” 
 2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem! 
 3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki ✡ II Sam 5:9kole dyanm ansanm, 
 4 sou sila, tribi yo konn ✡ Egz 23:17monte, menm tribi a SENYÈ yo, 
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a. 
 5 Paske la, ✡ Det 17:8twòn yo te plase pou jijman, 
twòn lakay David yo. 
 6 Priye pou lapè Jérusalem. 
Sila ki renmen ou yo va ✡ Sòm 102:14pwospere. 
 7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan ✡ Sòm 48:3-13palè ou yo. 
 8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, 
✡ I Sam 25:6“Ke lapè anndan ou”. 
 9  ✡ Né 2:10Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.