123
Yon chan pou monte vè tanp lan. 
 1 A Ou menm, mwen leve zye mwen, 
O Ou menm ✡ Sòm 2:4ki chita sou 
twòn Ou nan syèl la! 
 2 Men gade, jan zye a ✡ Pwov 27:18sèvitè yo rete sou men a mèt yo, 
Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, 
Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras. 
 3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, 
paske nou ranpli ✡ Né 4:4 ak mepriz. 
 4 Nanm nou ranpli ak ✡ Né 2:19ensilt a sila ki alèz yo, 
avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.