139
Pou direktè koral la; Yon Sòm David 
 1 O SENYÈ, Ou te ✡ Sòm 17:3sonde mwen e te konnen mwen. 
 2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve. 
Ou konprann panse mwen yo de lwen. 
 3 Ou konn ✡ Job 14:16egzamine chemen mwen fè avèk 
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo. 
 4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, 
Men gade, O SENYÈ, Ou ✡ Eb 4:13konnen tout li menm. 
 5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e 
Ou te ✡ Job 9:33poze men Ou sou mwen. 
 6  ✡ Wo 11:33Konesans konsa twò mèvèye pou mwen. 
Li twò wo. 
Mwen pa kab rive kote l. 
 7  ✡ Jr 23:24Kibò mwen kab ale kite lespri Ou? 
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou? 
 8  ✡ Am 9:2-4Si mwen monte nan syèl la, Ou la. 
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la. 
 9 Si mwen pran zèl nan maten, 
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an, 
 10 menm la, se men Ou k ap ✡ Sòm 23:2-3mennen mwen, 
e se men dwat Ou k ap kenbe m. 
 11 Si mwen di: “Anverite, ✡ Job 22:13tenèb la va kouvri mwen, 
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,” 
 12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou, 
e fènwa a klere menm jan ak lajounen. 
✡ I Jn 1:5 Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm. 
 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. 
Ou te ✡ Job 10:11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m. 
 14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman, 
paske mwen fèt yon fason mèvèye. 
Zèv Ou yo ✡ Sòm 40:5depase bon konprann 
e nanm mwen byen konnen sa. 
 15  ✡ Job 10:8-10Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a, 
e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a. 
 16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen. 
Epi nan liv ✡ Sòm 56:8Ou a, te deja ekri tout jou ki te 
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive. 
 17 Anplis, SENYÈ, a la presye se ✡ Sòm 40:5panse Ou yo yo pou mwen! 
A la gran, yo gran anpil! 
 18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. 
Lè m ✡ Sòm 3:5leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou. 
 19 O ke Ou ta ✡ És 11:4touye mechan yo, O Bondye. 
Soti sou mwen, O moun ki vèse san. 
 20 Paske yo ✡ Jd 15pale kont Ou ak mechanste, 
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven. 
 21 Èske m pa ✡ II Kwo 19:2rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ? 
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo? 
 22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt. 
Yo devni lènmi m. 
 23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen. 
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo. 
 24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e 
mennen mwen nan chemen etènèl la.