146
 1 Beni SENYÈ a! 
✡ Sòm 103:1Beni SENYÈ a, O nanm mwen! 
 2 Mwen va beni SENYÈ a ✡ Sòm 63:4pandan mwen ap viv. 
Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an 
pandan mwen sou latè a. 
 3  ✡ Sòm 118:9Pa mete konfyans nan prens yo. 
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a. 
 4  ✡ Ekl 12:7Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. 
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri. 
 5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, 
sila ki ✡ Sòm 71:5 mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a, 
 6 Ki te fè syèl la avèk tè a, 
✡ Trav 14:15 lanmè ak tout sa ki ladann. 
Ki fidèl jis pou tout tan. 
 7 Ki ✡ Sòm 103:6egzekite jistis pou oprime yo. 
Ki bay manje a moun grangou yo. 
SENYÈ a mete prizonye yo an libète. 
 8 SENYÈ a ✡ Mat 9:30ouvri zye a avèg yo. 
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. 
SENYÈ a renmen moun ladwati yo. 
 9 SENYÈ a ✡ Egz 22:21pwoteje etranje yo. 
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, 
men Li jennen wout mechan an. 
 10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan, 
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo. 
Louwe SENYÈ a!