3
Jenn Fi an 
 1 Sou kabann mwen, pandan nwit la, 
mwen te chache sila ✡ Kan 1:7ke nanm mwen renmen an. 
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li. 
 2 Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; 
nan ✡ Jr 5:1ri yo ak nan plas yo. 
Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. 
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li. 
 3  ✡ Kan 5:7Gadyen ki fè tou vil la te twouve m. 
Mwen te mande l: “Èske ou konn wè 
sila ke nanm mwen renmen an?” 
 4 Lè m ✡ Pwov 8:17fenk kite yo mwen te jwenn 
sila ke nanm mwen renmen an. 
Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l 
jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, 
pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an. 
 5 M ap ✡ Kan 2:7avèti nou, O fi a Jérusalem yo, 
nan non antilòp ak bich mawon an, 
pou nou pa fè lanmou leve 
ni ouvri zye l jiskaske se plezi li. 
 6 Se kisa k ap monte kite dezè a 
tankou pilye lafimen yo, 
byen pafime ak fèy bazilik ak ✡ Egz 30:34 lansan, 
plen ak poud santi bon machann yo? 
 7 Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte; 
swasant òm pwisan kap antoure l, 
mesye pwisan Israël yo. 
 8 Yo tout ki konn manyen nepe, 
✡ Jr 50:9ki fò nan afè lagè; 
chak mesye gen nepe l bò kote li, 
pou fè gad kont menas lannwit yo. 
 9 Wa Salomon te fè pou kont li 
yon kanape vwayaj ak bwa Liban an. 
 10 Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò. 
Kote pou chita a fabrike ak twal mov, 
e tout anndan li byen dekore pa ✡ Kan 1:5fi Jérusalem yo. 
 11 Ale, O fi a Sion yo, 
e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a 
manman l te kouwone l nan ✡ És 62:5 jou fèt maryaj li, 
nan jou kè kontan li an.