4
Salomon 
 1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl! 
✡ Kan 1:15Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou; 
cheve ou tankou yon bann kabrit 
ki fin desann sòti Mòn Galaad. 
 2  ✡ Kan 6:6Dan ou tankou yon bann mouton 
ak lenn fenk taye ki sot benyen. 
Yo tout fè pòtre jimo yo, 
ni youn nan yo pa pèdi pitit li. 
 3 Lèv ou tankou ✡ Jos 2:18fisèl wouj 
e bouch ou tèlman bèl. 
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou. 
 4  ✡ Kan 7:4Kou ou tankou fò David la, 
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo, 
tout boukliye won a mesye pwisan yo. 
 5  ✡ Kan 7:3De tete ou tankou de jèn ti antilòp; 
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo. 
 6  ✡ Kan 2:17Jiskaske jou a bese pou l vin fre 
e lonbraj yo vin disparèt, 
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn 
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an. 
 7  ✡ Kan 1:15Ou fin bèl nèt, cheri mwen an, 
e nanpwen defo nan ou. 
 8 Vin avè m soti ✡ I Wa 4:33Liban, fi maryaj mwen an; 
m bezwen ou vini avè m sòti Liban. 
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana, 
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon; 
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo. 
 9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an; 
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout, 
ak yon sèl bout fisèl nan ✡ Jen 41:42kolye ou. 
 10  ✡ Kan 7:6A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an, 
fi a maryaj mwen an! 
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven 
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis! 
 11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; 
siwo myèl ak lèt anba lang ou. 
Bon odè vètman ou tankou ✡ Jen 27:27bon odè Liban an. 
 12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen, 
fi a maryaj mwen; 
yon jaden wòch ki fèmen, 
yon fontèn dlo ki ✡ Jen 29:3ansèkle. 
 13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad, 
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm; 
 14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl, 
ak tout bwa lansan yo, ✡ Sòm 45:8 lami ak lalwa, 
ansanm ak tout meyè kalite epis yo. 
 15 Ou menm se yon sous jaden, 
yon pwi ✡ Za 14:8dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban. 
Jenn Fi an 
 16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! 
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; 
kite epis li yo vante gaye toupatou. 
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an 
pou manje tout fwi chwa li yo.