7
 1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:  2  ✡ Jr 17:19“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’ ” 
 3 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ✡ Jr 4:1“Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a.  4  ✡ Jr 7:8Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’  5 Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou ✡ I Wa 6:12pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li,  6 si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni ✡ Det 6:14-15 mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou,  7 alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan ✡ Jr 3:18peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan.  8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan ✡ Jr 7:4pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou.  9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè ✡ Egz 20:3lòt dye ke nou pa t konnen,  10 epi konsa,✡ Éz 23:39vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?  11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon ✡ Mat 21:13kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a. 
 12 “Men ale koulye a kote plas Mwen an ✡ Jij 18:31Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.  13 Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te ✡ Jr 7:25leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn.  14 Akoz sa a, Mwen va fè rive nan ✡ Det 12:5kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.  15 Mwen va ✡ Jr 15:1jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo. 
 16 “Pou ou menm, ✡ Egz 32:10pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou.  17 Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo?  18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka ✡ Det 32:16-21vekse M.  19  ✡ Job 35:6Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?” 
 20 Pou sa, pale Senyè BONDYE a, ✡ És 42:25 “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.” 
 21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e ✡ Éz 33:25manje chè.  22 Paske Mwen pa t ✡ I Sam 15:22pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis.  23 Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ✡ Egz 15:26 ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’  24 Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo ✡ Jr 15:6te fè an aryè olye yo fè devan.  25 Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, ✡ II Kwo 36:15Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo.  26 Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te ✡ Jr 16:12fè plis mal pase papa yo. 
 27 “Ou va ✡ Jr 1:7pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou.  28 Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki ✡ Jr 6:17pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo.  29 Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin ✡ Jr 6:30rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’ 
 30 “Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te ✡ II Wa 21:3mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li.  31 Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou ✡ Lev 18:21brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen.  32  ✡ Jr 19:6-11Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò.  33  ✡ Det 28:26Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale.  34 Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske ✡ Lev 26:33peyi a va devaste nèt.”