3
 1 Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan ✡ Mat 27:2Ponce Pilate te Gouvènè Juda, ✡ Mat 14:1Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,  2 nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, ✡ Mat 3:1-10pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a. 
 3 Konsa, li te vini nan ✡ Mat 3:5tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.  4 Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la: 
“Lavwa a yon moun✡ És 40:3 k ap kriye nan dezè a, 
‘Prepare chemen SENYÈ a, 
Fè wout Li yo dwat, 
 5  ✡ És 40:4 Chak vale va ranpli, 
E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. 
Kwochi yo a va vin drese, 
E move wout yo va vin swa. 
 6  ✡ És 40:5 Tout chè va wè delivrans Bondye a.’ ” 
 7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: ✡ Mat 12:34“Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?  8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ✡ Jn 8:33‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.  9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak ✡ Mat 7:9bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.” 
 10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: ✡ Luc 3:12,14“Alò, kisa pou nou ta fè?” 
 11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan ✡ És 58:7pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.” 
 12 Anplis, ✡ Luc 7:29ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?” 
 13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.” 
 14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? 
Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni ✡ Egz 20:16fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.” 
 15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, ✡ Jn 1:19pou konprann si se Kris la ke li te ye,  16  ✡ Mat 3:11-12Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.  17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk ✡ Mc 9:43-48dife ki pa kapab etenn.” 
 18 Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la. 
 19 Men lè l te bay ✡ Mat 14:3Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo,  20 Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin ✡ Jn 3:24mete Jean nan prizon. 
 21  ✡ Mat 3:13-17Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri,  22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: ✡ Sòm 2:7 “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.” 
 23  ✡ Mat 4:17Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,  24 fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph,  25 fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï,  26 fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda,  27 fis a Joanan, fis a Rhésa, ✡ Mat 1:12fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri,  28 fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er,  29 fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi  30 fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim,  31 fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David,  32  ✡ Mat 1:16fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason,  33 fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda  34 fis a Jacob, fis a Isaac ✡ Jen 11:26-30fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor,  35 fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala,  36 fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, ✡ Jen 5:3-32fis a Noé, fis a Lamech,  37 fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan,  38 fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.