12
 1 Yon ✡ Mat 24:30gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal.  2 Li te gwo ansent e te ✡ És 26:17kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche. 
 3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo ✡ És 27:1dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn.  4 Konsa, ke li te ✡ Rev 8:7,12baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te ✡ Dan 8:10jete yo sou latè. 
Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.  5  ✡ És 66:7Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.  6 Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te ✡ Rev 11:3gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasann jou. 
 7 Epi te gen lagè nan syèl la. ✡ Dan 10:13,21Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk ✡ Mat 25:41zanj pa li yo t ap fè lagè.  8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la.  9 Gran dragon an te jete anba; ✡ Jen 3:1sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li. 
 10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske ✡ Job 1:11akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan.  11 Yo te venk li akoz ✡ Rev 7:14san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò. 
 12 “Pou rezon sa a, ✡ Sòm 96:11rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.” 
 13 Alò, lè ✡ Rev 12:3dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la. 
 14 Men ✡ Egz 19:4de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an. 
 15 Konsa, ✡ Jen 3:1sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.  16 Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a.  17 Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou ✡ Rev 11:7fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.