34
 1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di: 
 2 “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou. 
Koute mwen, nou menm ki gen konesans. 
 3 Paske ✡ Job 12:11zòrèy la fè prèv pawòl yo, 
jan bouch la goute manje a. 
 4 Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat; 
kite nou konnen pami nou menm sa ki bon. 
 5 Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men 
✡ Job 27:2Bondye te rache dwa mwen an; 
 6 èske mwen ta dwe manti selon dwa m? 
✡ Job 6:4Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’ 
 7 Se kilès ki tankou Job, 
k ap ✡ Job 15:16bwè giyonnen moun tankou se dlo, 
 8 ki ale ✡ Job 22:15kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo, 
e mache avèk moun malveyan yo? 
 9 Paske li te di: ✡ Job 21:5‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun 
lè l pran plezi li nan Bondye.’ 
 10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann. 
Fòk se lwen pou Bondye ta ✡ Job 8:3fè mechanste, 
e pou Toupwisan an fè mal. 
 11 Paske Li rekonpanse lòm selon ✡ II Kor 5:10zèv li yo, 
e fè li jwenn selon chemen li. 
 12 Anverite, ✡ Job 34:10Bondye p ap aji avèk mechanste, 
ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi. 
 13 Se kilès ki te ✡ Job 38:4bay Li otorite sou latè? 
Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li? 
 14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ✡ Sòm 104:29ranmase tout a Li menm 
pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a, 
 15 Tout ✡ Jen 7:21chè ta peri ansanm, 
e lòm ta ✡ Job 10:9 retounen nan pousyè. 
 16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a; 
koute vwa pawòl mwen yo. 
 17 Èske menm ✡ II Sam 23:3yon moun ki rayi jistis ta dwe renye? 
Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an, 
 18 ka p di a yon wa: ‘Sanzave’, 
a prens yo: ‘Nou mechan’; 
 19 Ki p ap montre ✡ I Pi 1:17patipri a prens yo, 
ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, 
paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye. 
 20 Nan yon moman, yo mouri; 
epi ✡ Egz 12:29nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. 
Pwisan yo disparèt. 
Yo retire san yon men leve. 
 21 “Paske ✡ Pwov 15:3zye Li sou chemen a yon nonm. 
Li wè tout pa li fè. 
 22 Nanpwen ✡ Sòm 139:11-12fènwa, ni lonbraj fonse 
kote malfektè inikite yo kab kache kò yo. 
 23 Paske Li pa ✡ Job 11:11bezwen obsève yon nonm anpil 
pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye. 
 24 Li kraze ✡ Job 12:19moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann, 
e mete lòt moun nan plas yo. 
 25 Se konsa, Li ✡ Job 34:11konnen zèv yo. 
Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt. 
 26 Li ✡ Sòm 9:5frape yo tankou mechan 
nan yon kote pou tout moun wè, 
 27 Akoz yo ✡ I Sam 15:11vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo; 
 28 akoz yo te fè ✡ Job 35:9kri a malere a rive kote Li. 
Li te tande kri a aflije yo. 
 29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? 
Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? 
Li pli wo ke nasyon, ni lòm, 
 30 pou ✡ Job 5:15 anpeche moun ki san Bondye yo vin 
reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo. 
 31 “Paske èske nenpòt kon di Bondye, 
‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò; 
 32 enstwi mwen sa ke m pa wè. 
Si mwen te ✡ Job 33:27fè inikite, mwen p ap fè l ankò’? 
 33 Èske Li va ✡ Job 41:11rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? 
Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. 
Pou sa a, deklare sa ke ou konnen. 
 34 Moun ak bon konprann va di mwen, 
oswa yon nonm saj ki tande m va di: 
 35 ‘Job ✡ Job 35:16pale san konesans; 
pawòl li yo san sajès. 
 36 Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job, 
jis rive nan tout limit li, 
akoz li reponn ✡ Job 22:15tankou moun mechan yo. 
 37 Paske li ogmante ✡ Job 23:2rebelyon sou tout lòt peche l yo. 
Li bat men li pami nou, 
e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’ ”