12
 1 Job te reponn: 
 2 Anverite, konsa, ✡ Job 17:10se nou menm ki se pèp la. 
Se ak nou menm tout sajès ap mouri! 
 3 Men ✡ Job 13:2mwen gen lespri menm tankou ou; 
mwen pa pi ba pase ou. 
Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo? 
 4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, 
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. 
Nonm nan ki dwat e ✡ Job 6:29san tò a vin yon blag. 
 5 Sila ki alèz la ri sou malè a; 
men l ap tan pye l chape. 
 6  ✡ Job 9:24Tant volè a fè pwofi, 
e sila ki pwovoke Bondye byen alez. 
Se nan men yo pote dye pa yo. 
 7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; 
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou. 
 8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou. 
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou. 
 9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen 
ke se ✡ És 41:20men SENYÈ a ki fè sa? 
 10  ✡ Trav 17:28Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, 
ansanm ak ✡ Job 27:3souf tout limanite a. 
 11 Èske ✡ Job 34:3zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, 
menm jan ke bouch la goute manje li a? 
 12 Sajès rete ak ✡ Job 15:10granmoun; 
yon lavi ki long gen bon konprann. 
 13 “Avèk Bondye se ✡ Job 9:4sajès ak pwisans. 
A Li menm se konsèy avèk ✡ Job 11:6 bon konprann. 
 14 Gade byen, se Li menm ki ✡ Job 19:10detwi; e sa p ap kab rebati. 
Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li. 
 15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; 
Li ✡ Jen 7:11-24voye yo deyò pou yo inonde latè a. 
 16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; 
✡ Job 13:7-9 sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, 
tou de se pou Li. 
 17 Li fè ✡ Job 3:14konseye yo mache pye atè 
e fè ✡ Job 9:24 jij yo antre nan foli. 
 18 Li ✡ Sòm 116:16detache chenn ki mare wa yo, 
e mare senti yo ak yon sentiwon. 
 19 Li fè prèt yo mache san rad, 
e boulvèse ✡ Job 34:24-28sila ki ansekirite yo. 
 20 Li fè moun konfyans pa kab pale, 
e ✡ Job 17:4retire bon jijman a ansyen yo. 
 21 Li ✡ Job 34:19vide mepriz sou prens yo, 
e lache senti a pwisan yo. 
 22 Li ✡ Dan 2:22devwale mistè ki nan tenèb yo, 
e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a. 
 23  ✡ És 9:3Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. 
Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale. 
 24 Li ✡ Job 12:20rache lespri a chèf pèp latè yo, 
e fè yo egare nan yon savann san chemen. 
 25 Yo ✡ Job 5:14tatonnen nan fènwa a san limyè. 
Li fè yo ✡ És 24:20 kilbite tankou moun sou.