25
 1 Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a ✡ II Wa 24:1-2Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan),  2 ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout ✡ Jr 18:11pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di:  3 Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande. 
 4 SENYÈ a te voye bannou tout ✡ II Kwo 36:15sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute,  5 Li te di: ✡ II Wa 17:13 “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan.  6  ✡ Det 6:14Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.” 
 7 “Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.” 
 8 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo,  9 gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ✡ És 13:3sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.  10 Anplis, Mwen va ✡ És 24:8-11retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.  11 Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan ✡ II Kwo 36:21swasann-dis ane.” 
 12 “Konsa, li va vin rive ke ✡ Esd 1:1lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan.  13 Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan ✡ Jr 36:4-32liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo.  14 (Paske, ✡ Jr 27:7anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)” 
 15 Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran ✡ Job 21:20tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l.  16 Yo va ✡ Na 3:11bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.” 
 17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te ✡ Jr 1:10fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l:  18  ✡ Sòm 60:3Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a;  19  ✡ Jr 46:2-28Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a;  20 epi tout etranje yo, tout wa ✡ Job 1:1peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo;  21 Édom, ✡ Jr 48:1-47Moab ak fis Ammon yo;  22 epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa ✡ Jr 31:10peyi kot ki lòtbò lanmè yo;  23 Dedan ak Théma, ak ✡ Jen 22:21Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo;  24 epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo;  25 epi tout wa Zimri yo, tout wa a ✡ Jen 10:22Élam yo ak tout wa a Médie yo;  26 epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi ✡ Jr 25:9tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo. 
 27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz ✡ Éz 21:4-5nepe ke Mwen va voye pami nou an.” ’ 
 28 Epi li va vin rive ke si yo ✡ Job 34:33refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè!  29 Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki ✡ I Wa 8:43rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.” ’ 
 30 “Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo: 
‘SENYÈ a va ✡ Jl 2:11 gwonde fò depi anwo; 
vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an. 
Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an. 
Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo, 
kont tout sila ki rete sou latè yo. 
 31 Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè, 
akoz SENYÈ a ✡ Os 4:1gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo. 
Li va antre nan jijman ak tout chè yo. 
Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’ ” deklare SENYÈ a. 
 32 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: 
“Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon, 
e yon ✡ És 30:30gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan. 
 33 Sila ki ✡ És 34:2-3touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè. 
 34 Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo; 
rele anmwey! 
Woule kò nou nan sann, 
nou menm ki mèt a bann mouton yo; 
paske jou a ✡ És 34:6-7masak nou yo ak egzil la fin rive, 
e nou va tonbe kon veso pi chwazi a. 
 35  ✡ Job 11:20Sove ale pa p posib pou bèje yo. 
Mèt bann mouton yo p ap chape. 
 36 Tande kri a bèje yo, 
ak plent a mèt bann mouton yo. 
Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo, 
 37 Epi ✡ És 27:10pak mouton lapè yo tonbe an silans, 
akoz gwo kòlè SENYÈ a.” 
 38 Li soti nan kote kachèt Li yo ✡ Jr 4:7kon lyon an, 
paske peyi yo te devni yon gwo laperèz 
akoz gwo vyolans nepe k ap oprime, 
e akoz gwo raj a kòlè Li.