30
 1 Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap ✡ Job 12:4giyonnen m. 
Papa a sila mwen pat ta dakò pou 
mete ansanm ak chen bann mouton yo. 
 2 Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m? 
Gwo fòs te deja disparèt nan yo 
 3 akoz mank bagay ak grangou. 
Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an. 
 4 Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la. 
Manje yo se rasin bayawonn. 
 5 Yo chase yo deyò lavil la nan dezè; 
yo kriye dèyè yo tankou se vòlè, 
 6 jiskaske yo vin rete nan move ravin yo, 
nan twou tè ak nan wòch yo. 
 7 Pami rak tibwa yo, yo rele fò. 
Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm. 
 8 Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, 
yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a. 
 9 Men koulye a, se mwen menm yo pase nan ✡ Job 12:4rizib; 
mwen devni yon pawòl betiz pou yo. 
 10 Yo pè m, yo kanpe lwen m, 
e yo pa sispann ✡ És 50:6krache nan figi m. 
 11 Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, 
yo ✡ Sòm 32:9rete retire brid la nèt devan m. 
 12 Sou men dwat lan, nich sa vin leve. 
Yo ✡ Sòm 140:4-5rale pye mwen akote. 
Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo. 
 13 Yo ✡ És 3:12gate wout mwen. 
Yo bourade lachit mwen 
san mande sekou. 
 14 Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; 
nan mitan tanpèt, yo woule m. 
 15  ✡ Job 3:25Gwo perèz yo vin vire kont mwen. 
Yo tanmen gate respè m tankou van. 
Byennèt mwen disparèt tankou nwaj. 
 16 Konsa, koulye a ✡ Sòm 42:4nanm mwen vide nèt. 
Jou afliksyon yo sezi m. 
 17 Nan lannwit, ✡ Job 30:30zo m yo frennen anndan m, 
e sa yo kap manje m pa pran repo. 
 18 Ak gwo fòs, vètman m vin ✡ Job 2:7tòde sou mwen. 
Li mare m nèt tankou kolye manto m. 
 19 Li te jete mwen nan ✡ Sòm 69:2-14labou, 
e mwen te vin tankou pousyè ak sann. 
 20 Mwen ✡ Job 19:7kriye a Ou menm pou sekou, 
men Ou pa reponn mwen. 
Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m. 
 21 Ou vin okipe m ak mechanste. 
Avèk fòs a men Ou, Ou ✡ Job 16:9-14pèsekite m. 
 22 Ou ✡ Job 9:17leve m wo sou van, e fè m monte; 
epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an. 
 23 Paske mwen konnen ke Ou ap ✡ Job 9:22mennen m a lanmò, 
jis rive nan gwo ✡ Ekl 12:5kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo. 
 24 Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l? 
Oswa nan gwo pwoblem li pa ✡ Job 19:7kriye sekou? 
 25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub? 
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou ✡ Job 24:4malere a? 
 26 Lè m ✡ Job 3:25-26t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; 
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini. 
 27 Kè m twouble nèt ✡ Lam 2:11anndan m. 
Mwen pa kab poze. 
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m. 
 28 Mwen fè dèy toupatou san solèy. 
Mwen kanpe nan asanble; 
mwen ✡ Job 19:7rele sekou. 
 29 Mwen te vin frè ak ✡ Sòm 44:19chen mawon, 
zanmi ak otrich la. 
 30 Chè m vin nwa sou mwen, 
li kale, e ✡ Sòm 102:3 zo m yo brile ak lafyèv. 
 31 Pou sa, ✡ És 24:8 se doulè ap mwen jwe, 
e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.