9
 1 Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan ✡ Mat 4:13pwòp vil Li a.  2  ✡ Mc 2:3-12Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”  
 3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ✡ Mc 3:28-29ap blasfeme.” 
 4 Men Jésus te ✡ Mat 12:25konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?   5  Kisa ki pi fasil pou di: ✡ Mat 9:2,6‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’?  6  Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”,  Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”  
 7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li.  8 Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te ✡ Mat 5:16bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm. 
 9  ✡ Mc 2:14-22Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!”  Epi li te leve e te swiv Li.  10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo.  11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: ✡ Mat 11:19“Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?” 
 12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa ✡ Mc 2:17sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.  13  Men ale konprann kisa sa vle di:  ✡ Os 6:6‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”  
 14 Aprè sa, disip a Jean yo ✡ Luc 18:12te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?” 
 15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.   16  Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal.  17  Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.” 
 18  ✡ Mc 5:22-43Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.” 
 19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo.  20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche ✡ Nonb 15:38rebò vètman Li;  21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab ✡ Mat 14:36touche rebò vètman Li, m ap geri.” 
 22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, ✡ Mat 9:29fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri. 
 23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè ✡ II Kwo 35:25moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd.  24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a  ✡ Jn 11:13pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”  
Epi yo te kòmanse ri sou Li.  25 Men ✡ Trav 9:40lè foul la te soti deyò, Li te antre, ✡ Mc 9:27pran men li, e fi a te vin leve.  26  ✡ Mat 4:24Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a. 
 27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras ✡ Mat 1:1Fis a David la!”  28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”  
Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”. 
 29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt ✡ Mat 8:13selon lafwa nou.”   30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus ✡ Mat 8:4te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”   31 Men yo te ale deyò e ✡ Mat 4:24te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a. 
 32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li ✡ Mat 12:22,24yon moun bèbè avèk yon move lespri.  33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: ✡ Mc 2:12“Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.” 
 34 Men Farizyen yo t ap di: ✡ Mat 12:24“Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.” 
 35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap ✡ Mat 4:23enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik.  36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, ✡ Nonb 27:17paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.  37 Konsa Li di a disip Li yo: ✡ Luc 10:2“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke.   38  Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”