12
 1 Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo.  2 Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki ✡ Mat 12:10pa pèmi nan yon jou Saba.” 
 3 Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo?  4  Jan li te antre nan kay Bondye a, e ✡ I Sam 2:16te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?  5  Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan?  6  Men Mwen di nou ke yon choz ✡ II Kwo 6:18pi gran pase tanp lan isit la.  7  Men si nou te konnen kisa sa vle di:  ✡ I Sam 6:6‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.  8  Paske ✡ Mat 8:20Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.” 
 9 Konsa, Li te ✡ Mc 3:1-6kite la e te ale nan sinagòg yo.  10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: ✡ Mat 12:2“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li. 
 11 Li te reponn yo: ✡ Luc 14:5“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a?  12  ✡ Mat 10:31Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.”  13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” ✡ Mat 8:3Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la.  14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou ✡ Mat 26:4fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L. 
 15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l. 
Anpil moun te swiv Li, e ✡ Mat 4:23Li te geri yo tout. 
 16 Epi Li te ✡ Mat 8:4pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye.  17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di: 
 18  ✡ És 42:1“Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; 
✡ Mat 3:17byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an. 
M ap mete lespri Mwen sou Li, 
e Li va pwoklame jistis a payen yo. 
 19  ✡ És 42:2Li p ap diskite, ni kriye; 
ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari. 
 20  ✡ És 42:3Yon wozo brize, Li p ap kase, 
e yon fisèl bouji k ap toufe, 
Li p ap tenyen, 
jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a. 
 21  ✡ Wo 15:2Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.” 
 22  ✡ Mat 9:32,34Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè.  23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab ✡ Mat 9:27Fis a David?”  24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap ✡ Mat 9:34chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.” 
 25  ✡ Mat 23:27Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe.  26  Si se ✡ Mat 4:10Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe?  27  Epi si Mwen menm ✡ Trav 19:13pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou.   28  Men ✡ I Jn 3:8si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou.  29  Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.  
 30  ✡ Mc 9:40“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.   31  ✡ Luc 12:10Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone.   32  ✡ Luc 12:10Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan ✡ Mat 13:22,39laj sila a ni nan laj k ap vini an.  
 33  “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. ✡ Mat 7:16-18Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay.  34  ✡ Mat 3:7Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.  35  ✡ Pwov 10:20,21Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.  36  Epi Mwen di nou ke nan ✡ Mat 10:15jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven.   37  Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.” 
 38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: ✡ Mat 16:1“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”. 
 39 Men li te reponn yo konsa: ✡ Mat 16:4“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.   40  Menm jan ke ✡ Jon 1:17Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase ✡ Mat 16:21twa jou ak twa nwit nan kè latè.  41  Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske ✡ Jon 3:5yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.  42  ✡ I Wa 10:1Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la. 
 43  ✡ Luc 11:24-26“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn.  44  Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd.  45  Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi ✡ Mc 5:9dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.” 
 46  ✡ Mc 3:31-35Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.  47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!” 
 48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?”  49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo.  50  Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”