10
 1 Mande pou ✡ Jl 2:23 lapli ki sòti 
nan SENYÈ a nan epòk prentan. 
Se SENYÈ a ki ✡ Jr 10:13fè nwaj tanpèt yo; 
epi se Li ki bay lapli lejè a tout 
pou jaden plant yo. 
 2 Paske ✡ Éz 21:21 zidòl lakay yo pale inikite; 
✡ Jr 27:9divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, 
ke yo repete kòn fo rèv. 
Yo bay rekonfò an ven. 
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; 
yo aflije akoz yo pa gen bèje. 
 3 Kòlè ✡ Jr 25:34-36 Mwen limen kont bèje yo. 
Mwen va pini mal kabrit yo, 
paske SENYÈ dèzame yo te ✡ Éz 34:12vizite 
bann mouton li an lakay Juda, 
e Li va fè yo vin tankou cheval 
majeste Li nan batay la. 
 4 De li menm, va vin parèt ✡ Luc 20:17wòch ang lan, 
de li menm, pikèt tant lan, 
de li menm, banza batay la, 
de li menm, tout wa yo ansanm. 
 5 Yo va tankou mesye pwisan yo, 
k ap ✡ II Sam 22:43foule lènmi yo anba pye yo, 
nan labou lari a nan batay la. 
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; 
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye. 
 6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va 
sove lakay Joseph la, e 
mwen va ✡ Za 8:8 fè yo retounen; 
paske Mwen gen ✡ És 54:8konpasyon pou yo. 
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, 
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, 
e mwen va reponn yo. 
 7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan 
e kè yo va kontan konsi se ak diven. 
Anverite, pitit yo va wè sa, 
e yo va kontan, 
kè yo va rejwi nan SENYÈ a.✡ És 54:13 
 8 Mwen va soufle pou yo 
pou yo kab vin rasanble yo, 
paske Mwen te rachte yo. 
Konsa, yo va vin ✡ Jr 33:22anpil, 
✡ Éz 36:11 jan yo te ye oparavan an. 
 9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, 
yo va ✡ I Wa 8:47,48sonje Mwen nan peyi lwen yo. 
Yo va viv ak pitit yo, 
e yo va retounen. 
 10 Mwen va mennen yo retounen 
soti nan peyi Égypte la, 
e rasanble yo soti Assyrie. 
Mwen va mennen yo antre nan peyi 
✡ Jr 50:19Galaad ak Liban jiskaske ✡ És 49:19,20 pa gen espas pou yo. 
 11 Li va pase nan ✡ És 51:9,10 lanmè afliksyon an, 
e Li va frape lanm lanmè yo, 
jiskaske tout pwofondè ✡ És 19:5-7 Rivyè Nil lan vin sèch. 
Epi ògèy Assyrie va vin bese e 
baton Égypte la va sòti. 
 12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. 
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.✡ Mi 4:5