9
 1 Yon revelasyon. 
Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la, 
e l ap poze sou ✡ És 17:1Damas, 
paske zye a lòm ak tout trib Israël 
se vè SENYÈ a, 
 2 epi osi vè ✡ Jr 49:23Hamath, ki nan lizyè li a; 
✡ Éz 28:2-5,12 Tyr ak Sidon paske yo saj anpil. 
 3 Paske Tyr te bati pou kont li yon ✡ Jos 19:29fò; 
li te fè depo ajan tankou pousyè, 
ak depo ✡ I Wa 10:21,27 lò tankou labou nan lari. 
 4 Gade byen, SENYÈ a va ✡ Éz 26:3-5; És 28:18rache 
tout sa li posede, 
e jete tout richès li yo nan lanmè. 
Li va devore nèt ak dife a. 
 5 Askalon va wè l e vin pè. 
Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè; 
epi Ékron, pou sa li te atann va desi. 
Anplis ke sa, wa a va peri Gaza 
e Askalon va vin pa gen moun. 
 6 Yon ras mele va vin rete ✡ Am 1:8Asdod 
e Mwen va rache ògèy a Filisten yo. 
 7 Mwen va retire san li, 
soti nan bouch li, 
ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. 
Konsa, yo va devni osi yon retay 
pou Bondye nou an. 
Yo va tankou yon chèf pou Juda, e 
Ékron va tankou Jebizyen yo. 
 8 Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, 
pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. 
Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. 
Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.✡ És 54:14 
 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an! 
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! 
Gade byen ✡ Sòm 110:1 wa ou ap vini kote ou; 
Li ✡ So 3:5jis e Li gen Sali; 
Li enb e Li monte sou yon bourik, 
menm yon jenn pòtre, 
pitit a yon bourik. 
 10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, 
ansanm ak cheval Jérusalem nan. 
Banza lagè a va koupe retire; 
Li va pale ✡ És 57:19; Sòm 72:8lapè a nasyon yo. 
Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, 
e nan Rivyè Euphrate la jis pou l 
rive nan dènye pwent tè a. 
 11 Menmjan an pou ou menm tou, 
akoz ✡ Egz 24:8san akò Mwen an ki avèk ou, 
Mwen te mete prizonye ou yo an libète 
soti nan twou fòs ki pa gen dlo a. 
 12 Retounen nan ✡ Jr 16:19sitadèl la, 
O prizonye ki gen lespwa a! 
Nan jou sa a menm, Mwen deklare 
ke Mwen va ✡ És 61:7 remèt ou doub de sa. 
 13 Paske Mwen te ✡ Jr 51:20 koube Juda 
konsi se te banza Mwen. 
Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. 
Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, 
kont fis ou yo, O Grèce, 
e Mwen va fè ou vin tankou ✡ Sòm 45:3nepe 
a yon gèrye pwisan. 
 14 Epi SENYÈ a va vin parèt ✡ És 31:5; Sòm 18:14sou yo, 
e flèch Li va pati tankou kout loray. 
Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, 
e Li va mache nan van tanpèt sid yo. 
 15  ✡ És 37:35 SENYÈ dèzame yo va defann yo. 
Yo va ✡ Za 12:6devore, e yo va foule anba pye 
ak tout wòch fistibal yo. 
Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè. 
Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis, 
tankou kwen lotèl yo. 
 16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va ✡ Jr 31:10,11sove yo 
nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a; 
paske yo tankou wòch presye, 
bijou yon kouwòn k ap klere toupatou 
anwo tout peyi Li a. 
 17 Paske a la gran, bonte Li va gran, 
e a la gran, bèlte Li va gran! 
Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere 
ak diven nèf pou vyèj yo.✡ Jr 31:12,14; Sòm 27:4