2
 1 Konsa, ou menm, fis mwen an ✡ Ef 6:10se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.  2 Bagay ✡ II Tim 1:13ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo. 
 3  ✡ II Tim 1:8Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus.  4 Nanpwen sòlda an sèvis ki ✡ II Pi 2:20mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a. 
 5 Osi, si yon moun nan ✡ I Kor 9:25konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo. 
 6  ✡ I Kor 9:10Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la. 
 7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay. 
 8 Sonje Jésus Kri ✡ Trav 2:24leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an.  9 Pou li menm, mwen ✡ II Tim 1:8soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.  10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou ✡ Luc 18:7koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl. 
 11 “Sa se yon vrè pawòl: 
Paske ✡ Wo 6:8si nou te mouri avèk Li, 
nou va osi viv avèk Li. 
 12 Si nou andire, 
nou va osi renye avèk Li. 
Si nou ✡ Mat 10:33rejte Li, 
Li tou va rejte nou. 
 13 Si nou pa fidèl 
✡ Wo 3:3Li rete fidèl; 
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.” 
 14 Fè yo sonje bagay sa yo, e✡ I Tim 5:21anchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa ✡ I Tim 6:4goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo.  15 Se pou ou dilijan pou ✡ Wo 6:13prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a. 
 16 Men evite ✡ I Tim 6:20pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a. 
 17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, ✡ I Tim 1:20Hyménée ak Philète:  18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke ✡ I Kor 15:12rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun. 
 19 Malgre ✡ És 28:16fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.” 
 20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. ✡ Wo 9:21Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore.  21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de ✡ II Tim 2:16-18bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv. 
 22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo ✡ I Tim 1:5avèk yon kè ki san tach.  23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap ✡ Tit 3:9prodwi konfli. 
 24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk ✡ I Tim 3:2yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,  25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou ✡ Trav 8:22si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a ✡ I Tim 2:4konesans verite a,  26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba ✡ I Tim 3:7pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.