6
 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki ✡ I Kor 2:15posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.  2  ✡ Wo 15:1Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.  3 Paske ✡ Trav 5:36si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.  4 Men chak moun dwe ✡ I Kor 11:28egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.  5 Paske ✡ Pwov 9:12chak moun va pote pwòp chaj pa l. 
 6  ✡ I Kor 9:11,14Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la. 
 7 Pa twonpe tèt nou; ✡ Job 13:9Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.  8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men ✡ Wo 8:11sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.  9 Annou pa ✡ I Kor 15:58dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.  10 Alò ✡ Pwov 3:27pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo. 
 11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou ✡ I Kor 16:21avèk pwòp men mwen.  12 Sila ki vle ✡ Mat 23:27parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.  13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm ✡ Wo 2:25kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou.  14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e ✡ Wo 6:2,6mwen menm pou mond lan.  15 Paske nan Kris Jésus, ✡ Wo 2:26,28sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.  16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou ✡ Wo 9:6Israël Bondye a. 
 17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m ✡ És 44:5mak a Jésus yo. 
 18  ✡ Wo 16:20Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete ✡ II Tim 4:22avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.