13
 1  ✡ Job 12:9“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. 
Zòrèy mwen tande e konprann li. 
 2  ✡ Job 12:3Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou; 
mwen pa pi ba pase ou. 
 3 “Men ✡ Job 13:22mwen ta pale ak Toupwisan an; 
mwen vle diskite ak Bondye. 
 4 Men nou ✡ Sòm 119:69sal moun ak manti. 
Se yon bann ✡ Jr 23:32doktè sanzave nou ye. 
 5 Oswa pito ke ou ta ✡ Job 13:13rete an silans nèt; 
ke sa ta sèvi kon sajès ou! 
 6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen. 
 7 Èske ou kab ✡ Job 27:4pale pou Bondye sa ki pa jis, 
e pale sa ki manti pou Li? 
 8 Èske ou va ✡ Lev 19:5pran ka pa Li? 
Èske ou va diskite pou Bondye? 
 9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? 
Oswa ✡ Job 12:16èske ou va twonpe Li 
kon yon moun konn twonpe yon moun? 
 10 Anverite, Li va repwoche ou 
si ou apye yon bò ak patripri. 
 11 Èske ✡ Job 31:23majeste Li p ap bay ou lakrent? 
Laperèz Li p ap tonbe sou ou? 
 12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; 
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil. 
 13  ✡ Job 13:5“Rete an silans devan m pou m kab pale; 
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive. 
 14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m 
e ✡ Sòm 119:109mete lavi m nan men m? 
 15  ✡ Job 7:6Malgre Li ta touye mwen, 
mwen va mete espwa m nan Li. 
Malgre, mwen va ✡ Job 27:5fè diskou chemen mwen yo devan L. 
 16 Se sa, anplis, ki va ✡ Job 23:7delivrans mwen; 
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li. 
 17 Koute pawòl mwen byen pre e 
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou. 
 18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; 
mwen konnen ke ✡ Job 9:21mwen va jistifye. 
 19  ✡ És 50:8Se kilès ki va diskite kont mwen? 
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri. 
 20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen; 
konsa mwen p ap kache devan figi Ou: 
 21  ✡ Job 9:34Retire men Ou sou mwen e 
pa kite laperèz Ou fè m sezi. 
 22 Epi rele e ✡ Job 9:16mwen va reponn; 
oswa kite m pale epi reponn mwen. 
 23  ✡ Job 7:21Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo 
avèk peche m yo? 
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo. 
 24 Poukisa Ou ✡ Sòm 13:1kache figi Ou e 
konsidere m kon ✡ Lam 2:5lènmi Ou? 
 25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? 
Oswa èske Ou va kouri dèyè ✡ Lev 26:36 pay van an seche a. 
 26 Paske Ou ekri ✡ Job 9:18 bagay anmè kont mwen 
e ✡ Sòm 25:7fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo. 
 27 Ou ✡ Job 33:11mete pye m nan chenn e 
ou veye tout chemen mwen yo. 
Ou limite distans pla pye m kab rive, 
 28 pandan mwen ap dekonpoze 
kon yon ✡ Job 2:7bagay k ap pouri, 
kon yon vètman ki manje pa mit.”