28
 1 Anverite, gen yon min pou ajan 
e yon plas pou rafine lò. 
 2 Fè retire nan pousyè a 
e kwiv la fonn soti nan wòch la. 
 3 Lòm fè tenèb la pati, 
e rive ✡ Ekl 1:13jis nan dènye limit lan. 
Li chache twouve wòch kap kache a, 
ak nan pwofon fènwa. 
 4 Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete, 
kote ki bliye nèt pa pye moun. 
Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite. 
 5 Pou tè a, depi nan li, manje sòti, 
men anba, li boulvèse tankou dife. 
 6 Wòch li se sous a pyè safi yo. 
Epi nan pousyè li, genyen lò. 
 7 Chemen li pa rekonèt pa koukou, 
ni zye grigri pa janm wè l. 
 8 Bèt pi fewòs yo pa mache la, 
ni lyon pa pase sou li. 
 9 Li mete men li sou wòch silèks la. 
Li chavire mòn yo soti nan baz yo. 
 10 Li kreve kanal ki pase nan wòch yo, 
e zye li wè tout sa ki presye. 
 11 Li bouche flèv yo pou dlo pa koule 
e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè. 
 12 “Men se ✡ Job 28:23-28kibò yo twouve sajès? 
Epi kibò yo jwenn sajès la? 
 13  ✡ Mat 13:44-46Lòm pa konnen valè li, 
ni valè li pa kab twouve nan peyi 
moun vivan yo. 
 14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”. 
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’. 
 15  ✡ Pwov 3:13-14Lò pi pa egal ak valè l, 
ni ajan pa kab peze kon pri li. 
 16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir, 
oswa oniks presye, oswa safì. 
 17  ✡ Pwov 8:10Ni lò ni vit pa egal avè l, 
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen. 
 18 Koray ak kristal, bliye sa nèt. 
Posede ✡ Pwov 8:11sajès se pi wo ke pèl. 
 19 Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l; 
ni li pa kab valorize an ✡ Pwov 8:19lò pi. 
 20 E byen, ✡ Job 28:23-28se kibò sajès la sòti? 
Epi kibò anplasman bon konprann nan ye? 
 21 Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo 
e kache menm a zwazo syèl yo. 
 22  ✡ Job 26:6Labim nan ak lanmò a pale: 
‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’ 
 23  ✡ Job 9:4Bondye konprann chemen li 
e Li konnen plas li. 
 24 “Paske Li ✡ Sòm 11:4chache jis rive nan dènye pwent latè 
e wè tout bagay anba syèl yo. 
 25 Lè L te bay ✡ Sòm 135:7pwa a van an 
e te ✡ Job 38:8-11divize dlo yo pa mezi, 
 26 Lè L te etabli yon ✡ Job 37:6-12limit pou lapli 
e yon chemen pou kout eklè, 
 27 Li te wè l e Li te deklare li. 
Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li. 
 28 Konsa, a lòm Li te di: 
‘Gade byen, ✡ Pwov 9:10lakrent Senyè a, se sa ki sajès; 
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’ ”