4
 1 Tande, O fis yo, ✡ Sòm 34:11enstriksyon a yon papa, 
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann, 
 2 Paske mwen bay ou bon konsèy; 
✡ Sòm 89:30 pa abandone enstriksyon mwen. 
 3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m, 
byen jenn e ✡ Za 12:10sèl fis devan zye a manman m, 
 4 Alò, li te ✡ Ef 6:4enstwi mwen e te di mwen: 
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; 
kenbe lòd mwen yo pou ou viv. 
 5 Vin ranmase sajès! 
✡ Pwov 16:16Ranmase bon konprann! 
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo. 
 6 Pa abandone li e li va pwoteje ou; 
✡ II Tim 2:10renmen li e li va veye sou ou. 
 7 Men sa ki kòmansman sajès la: 
✡ Pwov 23:23Ranmase sajès! 
Epi avèk sa ou rasanble a, 
chache bon konprann. 
 8  ✡ I Sam 2:30Mete valè li wo e li va fè ou leve; 
li va bay ou onè si ou anbrase l. 
 9 Li va poze ✡ Pwov 1:9sou tèt ou yon kouwòn lagras; 
li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.” 
 10 Tande, fis mwen an, ✡ Pwov 2:1vin dakò ak pawòl mwen yo, 
e lane lavi ou yo va vin byen long. 
 11 Mwen te ✡ I Sam 12:23dirije ou nan chemen sajès la; 
mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo. 
 12 Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; 
epi si ou kouri, ✡ Sòm 91:11 ou p ap glise tonbe. 
 13  ✡ Pwov 3:18Pran enstriksyon; pa lage menm. 
Pwoteje li paske li se lavi ou. 
 14  ✡ Sòm 1:1Pa antre nan chemen mechan yo, 
e pa avanse nan vwa malfektè yo. 
 15 Evite li, pa pase kote li; 
vire kite li e ale byen lwen. 
 16 Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; 
epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo 
si yo pa fè lòt glise tonbe. 
 17 Paske yo ✡ Pwov 13:2manje pen a malveyan yo 
e bwè diven vyolans. 
 18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten 
ki ✡ Dan 12:3  briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt. 
 19  ✡ Job 18:5-6Chemen mechan yo tankou tenèb; 
yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe. 
 20 Fis mwen an, ✡ Pwov 5:1prete atansyon a pawòl mwen yo; 
panche zòrèy ou vè diskou mwen yo. 
 21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; 
✡ Pwov 7:1-2kenbe yo nan fon kè ou. 
 22 Paske yo se ✡ Pwov 3:22lavi a sila ki jwenn yo, 
ak lasante a tout kò yo. 
 23 Veye sou kè ou ak tout dilijans; 
paske ✡ Mat 12:34de li, sous lavi yo koule. 
 24 Mete lwen de ou yon bouch manti 
e ✡ Pwov 19:1 mete tout pawòl foub byen lwen ou. 
 25 Kite zye ou gade tou dwat devan 
e kite vizyon ou konsantre devan nèt. 
 26  ✡ Pwov 5:21Veye wout pye ou konn pran 
e tout chemen ou yo va byen etabli. 
 27  ✡ Det 5:32Pa vire ni adwat ni agoch; 
fè pye ou vire kite mal.