7
 1 Fis mwen an, ✡ Pwov 2:1kenbe pawòl mwen yo 
e kache kòmandman mwen yo anndan ou. 
 2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv, 
ak enstriksyon mwen yo 
✡ Det 32:10kon de grenn zye nan tèt ou. 
 3 Mare yo sou dwèt ou; 
✡ Pwov 3:3ekri yo sou tablo a kè ou. 
 4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,” 
e rele sajès pi bon zanmi ou, 
 5 Pou li kab anpeche ou ale 
jwenn ak yon fanm adiltè; 
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li. 
 6 Paske bo fenèt lakay mwen, 
mwen te gade ✡ Pwov 6:32 nan fant fenèt mwen an. 
 7 Konsa, mwen te wè pami moun ✡ Pwov 1:22sòt yo, 
e te rekonèt pami jenn yo, 
yon jennonm ki te manke bon sans; 
 8 ki t ap pase nan lari a toupre 
kwen kay fanm nan. 
Konsa, li pran chemen pou rive ✡ Pwov 7:27lakay li, 
 9 nan solèy kouche a, nan aswè, 
nan mitan lannwit ak nan fènwa. 
 10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li 
✡ Jen 38:14-15abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l. 
 11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li. 
✡ I Tim 5:13Pye li pa rete lakay li. 
 12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo, 
lap ✡ Pwov 23:28kache tan nan tout kwen. 
 13 Konsa, li sezi li, bo li; 
e ak ✡ Pwov 21:29figi byen ranje, li di li: 
 14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo. 
Se jodi a, mwen ✡ Lev 7:16 fin peye ve mwen yo. 
 15 Konsa, mwen te vin rankontre ou, 
pou jwenn prezans ou; 
e konsa, mwen te twouve ou. 
 16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti; 
avèk bèl ✡ És 19:9dra Égypte yo. 
 17 Mwen te flite kabann nan ak pafen 
flè jasmen, lwil womaren ak ✡ Egz 30:23 kanèl. 
 18 Vini, annou bwè ladann 
e fè lanmou jis rive nan maten. 
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo. 
 19 Paske mari m pa lakay la; 
li ale nan yon gran vwayaj. 
 20 Li te pran yon sak lajan avè l. 
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.” 
 21 Ak anpil ankourajman, li atire li; 
avèk ✡ Pwov 5:3lèv a flatè, li sedwi li. 
 22 Sibitman, li swiv li tankou 
yon bèf k ap monte labatwa, 
tankou moun sòt 
kab mache rive nan ne koulan an. 
 23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; 
tankou yon ✡ Ekl 9:12zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. 
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li. 
 24 Alò, pou sa, fis yo, ✡ Pwov 5:7koute mwen 
e okipe pawòl a bouch mwen yo. 
 25 Pa kite kè ou ✡ Pwov 5:8vire akote nan chemen li yo! 
Pa vin antre egare nan wout li yo! 
 26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo; 
e ✡ Pwov 9:18anpil se sila ki te mouri akoz li. 
 27  ✡ Pwov 2:18Lakay li nan wout Sejou mò yo, 
k ap desann nan chanm lanmò yo.